Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Truly, truly, I tell you: whoever doesn't enter the sheepfold through the gate, but climbs in another way, is a thief and a robber. Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.
2 But the one who enters by the gate is the shepherd of the sheep. Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.
3 The gatekeeper opens for him, and the sheep hear his voice. He calls his own sheep by name and leads them out. Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò.
4 After bringing all his own out, he goes ahead of them, and the sheep follow him because they know his voice. Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li.
5 They will never follow a stranger—they'll run from him, since they don't know the voice of strangers." Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
6 Jesus told them this figure of speech, but they didn't grasp what he meant. Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
7 So Jesus said again, "Truly, truly, I tell you, I am the gate for the sheep. Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo.
8 "All who came before me are thieves and robbers, but the sheep did not listen to them. Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.
9 I am the gate; whoever enters through me will be saved, going in and out, finding pasture. “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
10 The thief comes only to steal, kill, and destroy. I came so they may have life, and have it in abundance. “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
11 "I am the good shepherd. The good shepherd lays down his life for the sheep. “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
12 The hired hand, not a shepherd, doesn't own the sheep. Seeing the wolf coming, he leaves the sheep and flees—the wolf snatches and scatters them. “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo.
13 The man runs away because he is a hired hand and cares nothing for the sheep. Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.
14 "I am the good shepherd. I know my own and my own know me, “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen.
15 as the Father knows me and I know the Father, and I lay down my life for the sheep. Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
16 I have other sheep not of this fold; I must lead them too, and they will hear my voice. They will become one flock, one shepherd. “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.
17 This is why the Father loves me: I lay down my life only to take it up again. “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò.
18 No one takes it from me, but I lay it down on my own. I have authority to lay it down, and authority to take it up again. This charge I received from my Father." Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”
19 These words brought division among the Jews once again. Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.
20 Many of them said, "He is demon-possessed and out of his mind. Why listen to him?" Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”
21 But others said, "These aren't a demon-possessed man's words. Can a demon open blind eyes?" Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”
22 Then came the Feast of Dedication at Jerusalem. It was winter, Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.
23 and Jesus was walking in the temple, in Solomon's Colonnade. Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.
24 The Jews surrounded him and said, "How long will you hold us in suspense? If you are the Christ, tell us plainly." Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
25 Jesus answered, "I told you, and you don't believe. The works I do in my Father's name testify about me, Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”
26 but you do not believe, because you are not my sheep. Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.
27 My sheep listen to my voice; I know them, and they follow me. “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.
28 I give them eternal life, and they will never perish, and no one will snatch them from my hand. E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
29 My Father, who gave them to me, is greater than all; no one can snatch them out of the Father's hand. “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a.
30 I and the Father are one." Mwen avèk Papa a se youn.”
31 Again the Jews picked up stones to stone him. Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.
32 Jesus replied, "I have shown you many good works from the Father. For which of these are you going to stone me?" Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
33 "We're stoning you not for good work," they said, "but for blasphemy, because you, a mere man, claim to be God." Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
34 Jesus answered them, "Is it not written in your Law: 'I have said you are gods'? Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
35 If he called them 'gods,' to whom the word of my Father came—and Scripture cannot be broken, “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),
36 what about the one the Father set apart and sent into the world? Why accuse me of blasphemy for saying, 'I am the Son of our Father'? èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
37 "If I am not doing the works of my Father, then do not believe me. “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M.
38 But if I do them, even if you won't believe me, believe the works, so you'll know and keep knowing the Father is in me, and I in the Father." Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
39 Again they tried to seize him, but he escaped their grasp. Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.
40 Jesus then went back across the Jordan, to the place where John had first been baptizing, and stayed there. Li te ale ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.
41 Many came to him, saying, "John performed no sign, but all John said about this man was true." Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”
42 And in that place many believed in him. Anpil moun te kwè nan Li la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]