Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 As Jesus passed by, he saw a man who had been blind from birth. Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
2 His disciples asked him, "Rabbi, who sinned, this man or his parents, that he was born blind?" Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”
3 "Neither this man nor his parents sinned,' Jesus answered, 'but this happened so the works of our Father might be revealed in him. Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li.
4 We must do the works of the one who sent me while it is day; night comes, when no one can work. Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.
5 As long as I am in the world, I am the light of the world.'" Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
6 Saying this, he spat on the ground, made mud from the saliva, and smeared it on the man's eyes. Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li.
7 He told him, "Go, wash in the pool of Siloam" (meaning Sent). So the man went, washed, and returned able to see. Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
8 Neighbors and those who'd seen him begging before said, "Isn't this the one who used to sit and beg?" Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”
9 Some said, "That's him." Others said, "No, he just looks like him." He kept saying, "I'm the one." Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”. Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
10 So they asked him, "Then how were your eyes opened?" Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
11 He replied, "The man called Jesus made mud, smeared it on my eyes, and told me, 'Go to Siloam and wash.' So I went, washed, and could see." Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
12 They said to him, "Where is he?" He said, "I do not know." Yo te mande li: “Kote Li?” Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
13 They brought the man who had been blind to the Pharisees. Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo.
14 Now it was a Sabbath day when Jesus made the mud and opened his eyes. Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
15 So the Pharisees also asked him again how he had gained sight. He told them, "He put mud on my eyes, and I washed, and I see." Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
16 Some Pharisees said, "This man isn't from God—he doesn't keep the Sabbath." Others said, "How can a sinful man do such signs?" So they were divided among them. Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
17 Again they asked the blind man, "What do you say about him, since he opened your eyes?" He said, "He is a prophet." Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?” Li te di: “Li se yon pwofèt.”
18 The Jews did not believe he had been blind and gained sight, until they summoned the parents of the man who had gained sight. Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li.
19 They asked them, "Is this your son you say was born blind? How then does he now see?" Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
20 His parents answered, "We know that this is our son and that he was born blind. Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg.
21 But how he now sees, we don't know; or who opened his eyes, we don't know. Ask him—he's an adult; he'll speak for himself." Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.”
22 His parents said this, fearing the Jews, since the Jews had already agreed that if anyone confessed Jesus as the Christ, he would be expelled from the synagogue. Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.
23 That was why his parents said, "He is of age; ask him." Pou rezon sa a, paran li yo te di: “Li rive sou laj li. Mande li.”
24 So they called the once-blind man again and said, "Give God the glory. We know this man is a sinner." Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
25 He replied, "Whether he's a sinner, I don't know. I know one thing: I was blind, now I see." Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
26 They said to him, "What did he do to you? How did he open your eyes?" Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
27 He answered them, "I already told you, and you didn't listen. Why do you want to hear it again? Do you also want to become his disciples?" Li te reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, men nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
28 And they reviled him, saying, "You are his disciple, but we are disciples of Moses. Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men nou se disip a Moïse.
29 We know God spoke to Moses, but we don't know where this man is from." Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, nou pa konnen kote Li sòti.”
30 The man answered them, "Here's the amazing thing: you don't know where he's from, yet he opened my eyes. Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen.
31 We know God doesn't listen to sinners, but if anyone reveres God and does his will, God listens to him. Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.
32 Never since the world began has anyone heard of someone opening the eyes of a person born blind. Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg.
33 If this man were not from God, he could do nothing." Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
34 They answered him, "You were born entirely in sin, yet you teach us?" and threw him out. Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.
35 Jesus heard they had thrown him out, and finding him, said, "Do you believe in the Son of Man?" Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
36 He answered, "And who is he, sir, so I can believe in him?" Li te reponn: “Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
37 Jesus said to him, "You have seen him, and it is he who is speaking with you." Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men se Li menm k ap pale avèk ou.”
38 He said, "Lord, I believe," and he worshiped him. Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te adore Li.
39 Jesus said, "I came into this world for judgment, so those who don't see may see, and those who see may become blind." Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
40 Some Pharisees with him heard this and said, "Are we blind too?" Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”
41 Jesus told them, "If you were blind, you would have no sin; but since you say, 'We see,' your sin remains." Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]