Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But Jesus went to the Mount of Olives. Men Jésus te ale nan Mòn Oliv la.
2 At dawn he came again to the temple; all the people came to him, and he sat down and taught them. Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.
3 The scribes and Pharisees brought a woman caught in adultery and stood her in the middle. Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 They said to him, "Teacher, this woman was caught in the act of adultery. Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm.
5 Now in the Law, Moses commanded us to stone such women. So what do you say? Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?”
6 They said this to test him, seeking grounds to accuse him. But Jesus bent down and wrote on the ground with his finger." Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7 When they kept questioning him, he stood up and said to them, "Whichever of you has no sin, cast the first stone at her." Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”
8 And once more he bent down and wrote on the ground. Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
9 Hearing this, they left one by one, starting with the oldest, until Jesus was left alone with the woman standing there. Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.
10 Jesus stood up and said to her, "Woman, where are they? Has no one condemned you?" Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?”
11 She said, "No one, Lord." Jesus said, "I don't condemn you either. Go, and from now on, don't sin anymore." Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”
12 Jesus spoke to them again: "I am the world's light. Whoever follows me will never walk in darkness but will have the light of life." Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
13 So the Pharisees said to him, "You are bearing witness about yourself; your testimony is not true." Pou sa, Farizyen yo te di Li: “Ou fè temwayaj pwòp tèt ou. Konsa temwayaj Ou pa vrè.”
14 Jesus replied, "Even if I testify about myself, my testimony is true, because I know where I came from and where I'm going; but you don't know where I come from or where I'm going. Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.
15 You judge according to the flesh; I judge no one. “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.
16 Even if I judge, my judgment is true, since I do not judge alone, but I and the Father who sent me. Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
17 In your Law it is written that the testimony of two people is true. “Menm nan lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè.
18 I testify about myself, and the Father who sent me testifies about me." Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
19 They asked, "Where is your Father?" Jesus answered, "You know neither me nor my Father. If you knew me, you would know my Father also." Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
20 He said this while teaching in the temple, in the treasury; no one seized him—his hour had not yet come. Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.
21 So he told them again, "I am going away. You will look for me and die in your sin. Where I am going, you cannot come." Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”
22 So the Jews said, "Will he kill himself, since he says, "You can't come where I'm going"?" Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”
23 He said to them, "You're from below; I'm from above. You're of this world; I'm not of this world. Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a.
24 I told you that you'll die in your sins; if you don't believe I AM, you'll die in your sins." Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”
25 So they said to him, "Just who are you?" Jesus said to them, "Exactly what I've said from the start. Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman.
26 I have much to say and judge about you, but the One who sent me is true; what I heard from him, I tell the world." Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”
27 They did not understand that he had been speaking to them about the Father. Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.
28 So Jesus told them, "When you lift up the Son of Man, then you'll know that I AM, and that I do nothing on my own, but say these things as the Father taught me. Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.
29 The one who sent me is with me; he hasn't left me alone, because I always do what pleases him." E Li ki te voye M nan avèk Mwen. Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.”
30 As he was saying these things, many believed in him. Pandan Li t ap pale, anpil moun te vin kwè nan Li.
31 Jesus then told the Jews who had believed him, "If you remain in my word, you are truly my disciples, Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.
32 and you will know the truth, and the truth will set you free." E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
33 They answered him, "We are Abraham's descendants, never enslaved to anyone. How can you say, 'You will become free'?" Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”
34 Jesus answered them, "Truly, truly, I tell you: everyone who keeps sinning is sin's slave. Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
35 The slave does not remain in the house forever; the son remains forever. “Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la.
36 So if the Son sets you free, you will be free indeed. Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
37 I know you are Abraham's descendants; yet you seek to kill me because my word has no space in you. “Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.
38 I speak what I've seen with my Father, and you do what you heard from your father." Mwen pale bagay ke M gen tan wè avèk Papa M. E nou menm tou fè bagay ke nou te tande de papa pa nou.”
39 They answered, "Abraham is our father." Jesus said, "If you were Abraham's children, you'd do the works Abraham did, Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.
40 but now you want to kill me—a man who told you the truth I heard from my Father. Abraham didn't do this. Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.
41 You do your father's works." They said to him, "We weren't born of sexual sin. We have one Father—God himself." Nou ap fè pwòp zèv papa nou.” Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
42 Jesus said to them, "If God were your Father, you'd love me, for I came from God and am here. I didn't come on my own—he sent me. Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
43 Why don't you understand my speech? Because you cannot bear to hear my word. “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.
44 You belong to your father, the devil, and want to carry out his desires. He was a murderer from the beginning, not standing in truth, since no truth is in him. When he lies, he speaks from his own nature, since he's a liar and the lie's father. “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45 But because I tell the truth, you do not believe me. “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.
46 Who among you convicts me of sin? If I speak truth, why don't you believe me? Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
47 Whoever is from our Father hears his words; you don't hear because you're not from our Father." “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
48 The Jews replied, "Aren't we right in saying that you are a Samaritan and have a demon?" Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
49 Jesus answered, "I do not have a demon, but I honor my Father, and you dishonor me. Jésus te reponn: “Mwen pa gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M.
50 But I'm not seeking my own glory; our Father seeks it, and he judges. Men Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.
51 Truly, truly, I say to you, if anyone keeps my word, he will never see death." “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.”
52 The Jews said to him, "Now we know you have a demon. Abraham died, as did the prophets, yet you say, 'Whoever keeps my word will never taste death.' Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’
53 Are you greater than our father Abraham, who died? The prophets died too! Who do you claim to be?" Anverite Ou pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”
54 Jesus answered, "If I glorify myself, my glory is nothing. It is my Father who glorifies me, of whom you say, 'He is our God.' Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’
55 You don't know him, but I know him. If I said I didn't know him, I'd be a liar like you. But I know him and keep his word. “Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
56 Your father Abraham rejoiced that he would see my day. He saw it and was glad." “Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”
57 So the Jews said to him, "You're not yet fifty years old, and you've seen Abraham?" Pou sa, Jwif yo te di L: “Ou poko gen senkant ane, e Ou te gen tan wè Abraham?”
58 Jesus said to them, "Truly, truly, I say to you, before Abraham was, I AM." Jésus te di yo “Anverite, avan Abraham te la, Mwen se.”
59 So they grabbed stones to throw at him, but Jesus hid himself and slipped out of the temple. Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]