Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, Jesus traveled around Galilee, not wanting to go into Judea because Jewish leaders there were looking for a chance to kill him. Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.
2 But the Jewish Festival of Booths was near. Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche.
3 His brothers told him, "Leave here and go to Judea, so your disciples can also see the works you do. Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.
4 No one seeking public attention hides what he does. If you're doing these things, show yourself to the world." Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout monn lan.”
5 For not even his brothers believed in him. Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.
6 So Jesus told them, "My time has not yet come, but for you any time is right. Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
7 "The world cannot hate you, but it hates me, because I testify that its works are evil. “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.
8 You yourselves go up to the festival; I'm not going up to this festival, since my time hasn't yet fully come." “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.”
9 After saying this, he stayed in Galilee. Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
10 After his brothers went up to the festival, he too went up—not openly, but secretly. Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
11 So the Jewish leaders were looking for him at the festival and asking, "Where is he?" Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
12 Much murmuring about him spread among the crowds: some said, "He's good," others, "No, he misleads the crowd." Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”
13 Yet no one spoke about him openly, for fear of the Jewish leaders. Malgre sa, pèsòn pa t pale ovètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.
14 About the middle of the festival, Jesus went up into the temple and began to teach. Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
15 The Jewish leaders were amazed and asked, "How does this man know so much without training?" Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
16 Jesus answered them, "My teaching isn't mine—it's from the one who sent me. Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 Whoever wants to do our Father's will knows if my teaching is from my Father or I speak on my own. “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.
18 Whoever speaks on his own seeks his own glory, but whoever seeks the sender's glory is true, with no falsehood in him. Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19 Didn't Moses give you the law? Yet none of you obeys the law. Why are you trying to kill me?" “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
20 The crowd answered, "You have a demon! Who is trying to kill you?" Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
21 Jesus replied, "I did one work, and you are all amazed. Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.
22 "Moses gave you circumcision—not from Moses, but the patriarchs—and you circumcise a man on the Sabbath. “Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun.
23 If a man is circumcised on the Sabbath so the law of Moses isn't broken, why are you angry at me for making a whole man well on the Sabbath? Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24 Stop judging by appearances, and judge with right judgment." “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
25 Then some Jerusalemites said, "Isn't this the man they want to kill? Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?
26 Yet he speaks openly, and they say nothing to him. Can the rulers truly know this is the Christ? Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La?
27 But we know this man's origin. When the Christ comes, no one will know his origin." Men nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
28 Then Jesus, teaching in the temple, cried out: "You know me, and know where I'm from. Yet I didn't come on my own—the one who sent me is true, and you don't know him. Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an.
29 I know him, because I am from him, and he sent me." Mwen konnen Li paske Mwen sòti nan Li, e Li te voye M.”
30 So they tried to grab him, but no one touched him, because his hour had not yet come. E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
31 But many in the crowd believed in him, asking, "When the Christ comes, will he do more signs than this man did?" Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
32 The Pharisees heard the crowd murmuring these things about him, so the chief priests and Pharisees sent temple guards to seize him. Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.
33 So Jesus said, "I'm with you a little while longer, and then I go to the one who sent me. Pou sa, Jésus te di: “Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan.
34 You will search for me and not find me; you cannot come where I am." Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
35 So the Jewish leaders asked each other, "Where does he intend to go that we won't find him? Does he intend to go to our people dispersed among the Greeks and teach the Greeks? Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo?
36 What does he mean: 'You will look for me, but you will not find me,' and 'Where I am, you cannot come'?" Kisa li t ap di la a: ‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
37 On the last, great day of the festival, Jesus stood and called out, "Whoever is thirsty, let him come to me and drink. Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!
38 Whoever believes in me, as Scripture said, rivers of living water will flow from his heart." Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”
39 He said this about the Holy Spirit, whom believers in him were to receive; the Spirit had not yet been given, since Jesus had not yet been glorified. Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
40 When they heard these words, some of the crowd said, "This really is the Prophet." Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se pwofèt la.”
41 Others said, "This is the Christ." But others asked, "How can the Christ come from Galilee? Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: “Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée!
42 Doesn't Scripture say the Christ comes from David's line and from Bethlehem, David's village?" Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
43 So the crowd was divided over him. Konsa, te gen yon divizyon nan foul la akoz Li.
44 Some of them wanted to seize him, but no one laid a hand on him. Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
45 So the temple guards returned to the chief priests and Pharisees, who asked, "Why didn't you bring him?" Konsa, ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
46 The guards answered, "No one ever spoke the way this man does." Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
47 "Have you also been deceived?" the Pharisees answered. Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: “Èske Li gen tan egare nou menm tou?
48 "Has any of the rulers or of the Pharisees believed in him? Èske gen pami gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li?
49 But this crowd, who knows nothing of the law—they are under a curse." Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”
50 Nicodemus, who had gone to Jesus earlier and was one of their own number, asked them, Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo:
51 "Does our law condemn a man without first hearing him and finding out what he does?" “Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
52 They replied, "Are you from Galilee too? Search, and see: no prophet arises from Galilee." Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.”
53 Then they all went home. E tout moun ale lakay yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]