Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, Jesus crossed the Sea of Galilee, also called the Sea of Tiberias. Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
2 A large crowd followed him, because they saw the signs he performed on the sick. E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
3 Jesus went up on the mountainside and sat down there with his disciples. Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
4 Now the Passover, the feast of the Jews, was near. Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
5 Looking up, Jesus saw a large crowd approaching and asked Philip, "Where can we buy bread for these people to eat?" Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.”
6 He said this to test Philip, for he himself already knew what he was going to do. Li t ap di L sa pou sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
7 Philip answered him, "200 days' wages of bread isn't enough for each of them to get a little." Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
8 One of his disciples, Andrew, Simon Peter's brother, said to him, Youn nan disip yo, André, frè a Simon Pierre te di L:
9 "A boy here has five barley loaves and two fish—but what's that for so many?" “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
10 Jesus said, "Have the people sit down." Much grass grew there, so about 5,000 men sat down. Jésus te di: “Fè moun yo chita.” Te gen anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon senk-mil moun te chita.
11 Jesus then took the loaves, gave thanks, and distributed them to those seated; likewise with the fish, as much as they wanted. Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
12 When they were full, he told his disciples, "Gather the leftover pieces, so nothing is lost." Lè yo te plen, Li te di a disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
13 So they gathered the fragments left over from the five barley loaves after the people ate, filling twelve baskets. Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.
14 So when the people saw the sign he did, they said, "This really is the Prophet coming into the world!" E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
15 Knowing they meant to come and seize him to make him king, Jesus withdrew again to the mountain alone. Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
16 When evening came, his disciples went down to the sea, Alò, lè aswè vini, disip Li yo te ale bò kote lamè a.
17 got in a boat and headed across the sea to Capernaum. It was already dark, and Jesus had not yet reached them. Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm. Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo.
18 A strong wind was blowing, and the sea grew rough. Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
19 After rowing three or four miles, they saw Jesus walking on the water, approaching the boat, and were afraid. Akoz sa, lè yo ta p naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
20 But he said to them, "It is I; do not be afraid." Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Pa pè.”
21 So they were glad to take him into the boat, and instantly it reached the shore they were heading toward. Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
22 The next day, the crowd remaining on the far shore saw that only one boat had been there, that Jesus had not boarded it with his disciples, but that his disciples had gone off alone. Jou apre a foul la ki te lòtbò lamè a te wè ke pa t gen lòt ti kannòt sof ke youn, epi ke Jésus pa t antre nan kannòt la avèk disip Li yo, men ke yo te kite la pou kont yo.
23 Other boats came from Tiberias near the place where they ate bread after the Lord gave thanks. Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.
24 So when the crowd saw Jesus and his disciples weren't there, they got in boats and went to Capernaum to look for Jesus. Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te vini a Capernaüm pou chache Jésus.
25 Finding him across the sea, they asked, "Rabbi, when did you get here?" E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: “Rabbi, kilè ou rive la a?”
26 Jesus answered them, "Truly, truly, I tell you: you seek me not because you saw signs, but because you ate the loaves and were filled. Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè sign yo, men paske nou te manje pen, epi te plen.
27 Don't work for food that spoils, but for food that lasts to eternal life, which the Son of Man will give you. For on him our Father has set his seal." “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
28 Then they said to him, "What must we do to be doing the works of our Father?" E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”
29 Jesus answered them, "This is our Father's work: that you believe in the one he sent." Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”
30 So they asked him, "What sign will you give, so we may see and believe you? What work will you do? Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?”
31 Our ancestors ate manna in the wilderness, as it is written: 'He gave them bread from heaven to eat.'" “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”
32 Jesus told them, "Truly, truly, I tell you: Moses didn't give you the bread from heaven—my Father gives you the true bread from heaven. Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.
33 For the bread of our Father is he who comes down from heaven and gives the world life." Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
34 So they said to him, "Lord, give us this bread always." Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou bay nou pen sa a”.
35 Jesus told them, "I am the bread of life. Whoever comes to me will never hunger; whoever believes in me will never thirst. Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.
36 But as I told you, you have seen me and still do not believe. “Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
37 All the Father gives me will come to me, and the one who comes to me I will never drive away. “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
38 For I came down from heaven not to do my own will, but the will of him who sent me. “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.
39 This is the will of him who sent me: that I lose none of all he has given me, but raise them up on the last day. E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a.
40 For this is the will of my Father: that everyone who looks to the Son and believes in him should have eternal life, and I will raise them up on the last day." Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”
41 So the Jews grumbled about him because he said, "I am the bread that came down from heaven." Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”
42 They said, "Isn't this Jesus, Joseph's son, whose father and mother we know? How can he now say, 'I have come down from heaven'?" E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”
43 Jesus answered them, "Stop grumbling among yourselves. Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm.
44 "No one can come to me unless the Father who sent me draws him, and I will raise him on the last day. Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
45 It is written in the Prophets: 'And they will all be taught by our Father.' Everyone who has heard and learned from the Father comes to me. “Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
46 Not that anyone has seen the Father except the one from him; he has seen the Father. “Pa gen moun ki konn wè Papa a, sof ke sèl Sila a ki sòti nan Bondye a. Li konn wè Papa a.
47 Truly, truly, I tell you, whoever believes has eternal life. “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.
48 I am the bread of life. Mwen se pen lavi a.
49 Your ancestors ate the manna in the wilderness, yet they died. “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
50 This is the bread that comes down from heaven, so anyone may eat it and not die. “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.
51 I am the living bread come down from heaven. Whoever eats this bread will live forever. The bread I will give is my flesh, for the life of the world." “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”
52 Then the Jews argued sharply among themselves, "How can this man give us his flesh to eat?" Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
53 Jesus told them, "Truly, truly, I tell you, unless you eat the flesh of the Son of Man and drink his blood, you have no life in yourselves. Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
54 Whoever feeds on my flesh and drinks my blood has eternal life, and I will raise him on the last day. “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a.
55 For my flesh is true food, and my blood is true drink. Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.
56 Whoever feeds on my flesh and drinks my blood remains in me, and I in him. “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.
57 As the living Father sent me and I live because of the Father, so whoever feeds on me will live because of me. Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
58 This is the bread that came down from heaven. It is not like the bread your ancestors ate and still died. Whoever feeds on this bread will live forever." “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”
59 He said these things while teaching in the synagogue at Capernaum. Bagay sa yo Li te di nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
60 On hearing it, many of his disciples said, "This is a hard teaching. Who can accept it?" Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”
61 Aware that his disciples were grumbling about this, Jesus said to them, "Does this offend you? Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?
62 "Then what if you see the Son of Man ascending to where he was before? Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap monte kote Li te ye oparavan an?
63 The Spirit gives life; the flesh helps nothing. The words I have spoken to you are spirit and life. “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
64 But some of you don't believe." For Jesus knew from the start who didn't believe, and who would betray him. “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.
65 And he said, "This is why I told you: no one can come to me unless the Father enables him." E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke se Papa a ki pèmèt sa.”
66 From this time many of his disciples turned back and no longer walked with him. Akoz sa a, anpil nan disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
67 So Jesus asked the Twelve, "Do you want to leave too?" Pou sa, Jésus te di a douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
68 Simon Peter answered him, "Lord, to whom should we go? You have the words of eternal life. Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.
69 We have believed and known you are the Holy One of our Father." Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
70 Jesus answered them, "Have I not chosen you, the Twelve? Yet one of you is a devil." Jésus te reponn yo: “Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?”
71 He meant Judas, son of Simon Iscariot, one of the Twelve, who was about to betray him. Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]