Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this there was a feast of the Jews, and Jesus went up to Jerusalem. Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
2 By the Sheep Gate in Jerusalem is a pool with five covered porches, called Bethesda in Aramaic. La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri.
3 In these lay a multitude of the sick—blind, lame, and paralyzed. Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.
4 Not in this edition Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
5 One man was there who had been sick for thirty-eight years. Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
6 Seeing him lying there and knowing he had already been there a long time, Jesus asked, "Do you want to be healed?" Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
7 The sick man answered him, "Sir, I have no one to put me in the pool once the water stirs—while I'm on my way, someone else gets in first." Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
8 Jesus said to him, "Get up, take up your mat, and walk." Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”
9 At once the man became well, picked up his mat, and walked. That day was the Sabbath. Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.
10 So the Jews told the healed man, "It's the Sabbath—you're not allowed to carry your mat." Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
11 He answered them, "The man who healed me told me, 'Take up your mat and walk.'" Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
12 They asked him, "Who is the man who told you, 'Take it up and walk'?" Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
13 But the healed man didn't know who it was, since Jesus had slipped away into the crowd there. Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
14 Later Jesus found him in the temple and said, "You are healed now. Stop sinning, or something worse may happen to you." Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
15 The man went away and told the Jews that it was Jesus who had made him well. Nonm nan te ale e te di Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
16 And so the Jews began persecuting Jesus, because he was doing these things on the Sabbath. Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17 But Jesus answered them, "My Father is working until now, and I too am working." Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
18 So the Jews sought even more to kill him: he not only broke the Sabbath but called our Father his own Father, making himself equal to him. Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
19 So Jesus said to them, "Truly, truly, I tell you: the Son can do nothing on his own, but only what he sees the Father doing. Whatever the Father does, the Son does the same. Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.
20 "For the Father loves the Son and shows him everything he does; he will show him greater works than these, so you will be amazed. Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.
21 For as the Father raises the dead and gives life, so the Son too gives life to anyone he wants. Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22 For the Father judges no one, but has entrusted all judgment to the Son, “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la,
23 so everyone honors the Son as they honor the Father; whoever doesn't honor the Son doesn't honor the Father who sent him. Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24 Truly, truly, I tell you: whoever hears my word and believes the one who sent me has eternal life and won't face judgment—they have passed from death to life. “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 Truly, truly, I tell you, an hour comes, and is now here, when the dead will hear the voice of the Son of our Father, and those hearing will live. “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
26 For as the Father has life in himself, he gave the Son to also have life in himself. “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.
27 And he has given him authority to execute judgment, because he is the Son of Man. Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28 Don't be astonished at this—an hour is coming when everyone in the tombs will hear his voice, “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,
29 and come out—those who did good, to the resurrection of life; those who did evil, to the resurrection of judgment. epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30 By myself I can do nothing. I judge as I hear; my judgment is fair, because I seek not my own will but the will of the One who sent me. “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31 "If I testify about myself, my testimony is not valid. “Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.
32 There is another who testifies about me, and I know his testimony about me is true. Gen yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
33 You sent messengers to John, and he has testified to the truth. “Ou te voye kote Jean, epi Li te bay temwayaj a verite a.
34 Not that I accept human testimony, but I say these things so that you may be saved. Men temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
35 John was a burning, shining lamp, and you were willing to rejoice briefly in his light. “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
36 But I have testimony greater than John's: the works my Father gave me to finish—the very works I'm doing—testify that my Father sent me. “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.
37 And my Father who sent me has himself testified about me. You've never heard his voice or seen his form, E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38 and you don't have his word remaining in you, since you don't believe the one he sent. “E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a.
39 You search the Scriptures, thinking they hold eternal life—yet they themselves testify about me, Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40 yet you refuse to come to me so that you may have life. “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
41 I do not accept glory from people, “Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.
42 but I know you—that you do not have the love of our Father within you. Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.
43 I have come in my Father's name, and you don't receive me; if another comes in his own name, you'll receive him. “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M. “Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.
44 How can you believe, when you accept glory from one another and don't seek the glory from the only God? Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.
45 Don't think I will accuse you before my Father. Moses, in whom you've hoped, accuses you. “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
46 For if you believed Moses, you would believe me, because he wrote about me. “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske li te ekri selon Mwen menm.
47 But if you do not believe his writings, how will you believe my words?" Men si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]