Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So when Jesus knew the Pharisees heard he was making and baptizing more disciples than John. Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean
2 (though Jesus himself was not baptizing, but his disciples were), (men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l),
3 he left Judea and went back to Galilee. li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée.
4 And he had to pass through Samaria. Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.
5 So he came to a town of Samaria called Sychar, near the field Jacob gave his son Joseph. Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li.
6 Jacob's well was there. Jesus, tired from the trip, sat down at the well—about noon. Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
7 A woman of Samaria came to draw water. Jesus said to her, "Give me a drink." Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”.
8 (For his disciples had gone into the town to buy food.). Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
9 The Samaritan woman said, "You're a Jew; why ask me, a Samaritan woman, for a drink?" (Jews don't associate with Samaritans.). Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
10 Jesus answered her, "If you knew our Father's gift, and who asks you, 'Give me a drink,' you'd have asked him, and he'd have given you living water." Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
11 The woman said to him, "Sir, you have nothing to draw with, and the well is deep. Where then do you get this living water? Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a?
12 Are you greater than our father Jacob, who gave us the well, drank from it himself, with his sons and livestock?" Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
13 Jesus said to her, "Everyone who drinks of this water will be thirsty again, Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò:
14 but whoever drinks the water I give him will never thirst again; that water will become in him a spring of water welling up to eternal life." Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
15 The woman said to him, "Sir, give me this water, so I won't get thirsty or come here to draw water." Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
16 Jesus said to her, "Go, call your husband, and come back here." Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
17 The woman answered, "I have no husband." Jesus told her, "You're right to say you have no husband. Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’
18 For you've had five husbands, and the man you have now isn't your husband. You've spoken the truth." Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
19 The woman said to him, "Sir, I see that you are a prophet. Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.
20 Our fathers worshiped on this mountain, but you say Jerusalem is where people must worship." Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
21 Jesus told her, "Woman, believe me: an hour is coming when you'll worship the Father neither on this mountain nor in Jerusalem. Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.
22 You worship what you don't know; we worship what we know—salvation comes from the Jews. Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.
23 But a time is coming, and now is, when true worshipers worship the Father in spirit and truth—for the Father seeks such worshipers. “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.
24 The Father is spirit, and those who worship him must worship in spirit and truth." Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”
25 The woman said to him, "I know Messiah—the one called Christ—is coming. When he comes, he will tell us everything." Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
26 Jesus said to her, "I am he—the one speaking to you." Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
27 Just then his disciples returned, amazed he was talking with a woman. Yet no one said, "What do you want?" or, "Why talk with her?" Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
28 So the woman left her water jar and went back to town and said to the people, Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:
29 "Come, see a man who told me everything I ever did. Could this be the Christ?" “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
30 They left the town and were coming to him. Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
31 Meanwhile the disciples were urging him, "Rabbi, eat." Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”
32 But he said to them, "I have food to eat that you know nothing about." Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
33 So the disciples said to one another, "Has anyone brought him something to eat?" Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
34 Jesus said to them, "My food is doing the will of the one who sent me and finishing his work. Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.
35 Don't you say, 'Four months more, then harvest comes'? Look, I tell you: raise your eyes, see the fields—white for harvest. “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.
36 Already the harvester earns wages, gathering fruit for eternal life, so that planter and harvester may rejoice together. “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.
37 For here the saying holds true: 'One plants and another harvests.' Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
38 I sent you to reap what you didn't work for. Others worked, and you have entered into their labor." “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
39 Many Samaritans from that town believed in him because of the woman's testimony: "He told me everything I ever did." Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
40 When the Samaritans came to him, they asked him to stay with them; he stayed two days. Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
41 And many more believed because of his word. Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li.
42 They told the woman, "It is no longer because of what you said that we believe—we've heard for ourselves, and we know this man truly is the Savior of the world." Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”
43 After the two days he departed from there for Galilee. Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée.
44 (For Jesus himself had testified that a prophet has no honor in his own hometown.). Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li.
45 When he arrived in Galilee, the Galileans welcomed him, having seen all he did in Jerusalem at the feast—they too had gone to the feast. Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
46 He went again to Cana in Galilee, where he had turned water to wine. A royal official's son was sick at Capernaum. Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm.
47 Hearing that Jesus had come from Judea to Galilee, he went to him and begged him to come down and heal his son, who was about to die. Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 So Jesus said to him, "Unless you people see signs and wonders, you will never believe." Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
49 The royal official said to him, "Sir, come down before my child dies." Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50 Jesus said to him, "Go; your son will live." The man believed what Jesus told him and left. Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51 As he was going down, his servants met him and told him that his boy was living. Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 So he asked them the hour he improved, and they said, "Yesterday at the seventh hour, the fever left him." Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53 So the father knew this was the hour when Jesus told him, "Your son will live." He and his whole household believed. Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.
54 This was now the second sign that Jesus did when he had come from Judea to Galilee. Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]