Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now there was a man of the Pharisees named Nicodemus, a ruler of the Jews. Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo.
2 This man came to Jesus at night and said, "Rabbi, we know you are a teacher who has come from our Father, for no one can do these signs you do unless our Father is with him." Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
3 Jesus answered, "Truly, truly, I tell you: unless someone is born from above, he can't see the kingdom of our Father." Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
4 Nicodemus asked, "How can a man be born when he's old? Can he enter his mother's womb again and be born?" Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5 Jesus answered, "Truly, truly, I tell you, unless one is born of water and the Holy Spirit, he can't enter our Father's kingdom. Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
6 Born of the flesh is flesh, and born of the Holy Spirit is spirit. Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.
7 Don't be amazed that I said to you, 'You must be born from above.' Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’
8 Wind blows where it wants; you hear its sound but don't know where it comes from or where it goes. So it is with everyone born of the Spirit." Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
9 Nicodemus said to him, "How can these things be?" Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
10 Jesus answered him, "Are you the teacher of Israel and yet you do not understand these things? Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo?
11 Truly, truly, I tell you: we speak what we know, we testify to what we've seen, yet you don't accept our testimony. Anverite, anverite, Mwen di ou, nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
12 If I told you earthly things and you don't believe, how will you believe if I tell you heavenly things? “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
13 No one has ascended into heaven except the one who descended from heaven, the Son of Man. “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
14 As Moses lifted up the serpent in the wilderness, so the Son of Man must be lifted up, “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,
15 that whoever believes in him may have eternal life. pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 For our Father so loved the world that he gave his one and only Son, that whoever believes in him will not perish but have eternal life. “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
17 For our Father did not send his Son into the world to condemn the world, but so the world could be saved through him. Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 Whoever believes in him isn't condemned; whoever doesn't believe is condemned already, for not believing in the name of the one and only Son of our Father. “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 This is the judgment: light has entered the world, and people loved darkness more than light because their deeds were evil. “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 Everyone who does evil hates the light and won't come to the light, so that his deeds aren't exposed. “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
21 But whoever does the truth comes to the light, so it may be revealed that his works have been done in our Father." Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
22 After this, Jesus and his disciples went into the Judean countryside, where he stayed with them, baptizing. Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.
23 John also baptized at Aenon near Salim, since water was plentiful there, and people came and were baptized, Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.
24 for John had not yet been put in prison. Paske Jean potko jete nan prizon.
25 Now a discussion arose between some of John's disciples and a Jew over purification. Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè pirifikasyon.
26 They came to John and said, "Rabbi, the man with you beyond the Jordan, the one you testified about—he's baptizing, and everyone goes to him." Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27 John replied, "A person cannot receive even one thing unless it is given him from heaven. Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la.
28 You yourselves can testify: I said 'I'm not the Christ, but sent ahead of him.' Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 The one with the bride is the bridegroom—Jesus. The bridegroom's friend, who stands and hears him, rejoices greatly at the bridegroom's voice. So my joy is now complete. “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.
30 He must increase, but I must decrease." Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31 The one who comes from above is above all. The one from earth belongs to earth and speaks in an earthly way. The one who comes from heaven is above all. Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32 He bears witness to what he has seen and heard, yet no one receives his testimony. Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.
33 Whoever receives his testimony confirms that our Father is true. Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè.
34 The one our Father sent speaks our Father's words, for he gives the Holy Spirit without measure. Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.
35 Our Father loves the Son and has given all things into his hand. Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Whoever believes in the Son has eternal life; whoever disobeys the Son won't see life—our Father's wrath remains on him. Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]