Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On the third day, a wedding took place in Cana of Galilee; Jesus's mother was there. Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la.
2 Jesus and his disciples were also invited to the wedding. Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
3 When the wine ran out, the mother of Jesus said to him, "They have no wine." Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
4 "Woman, why are you bringing me into this?" Jesus replied. "My hour has not yet come." Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
5 His mother said to the servants, "Do whatever he tells you." Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
6 Six stone water jars stood there, used for Jewish purification, each holding twenty to thirty gallons. La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7 Jesus said to them, "Fill the jars with water," so they filled them to the brim. Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8 He told them, "Draw some out now, and take it to the head steward." So they did. Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9 The master of the banquet tasted the water now wine, not knowing its source—though the servants who drew it knew. So he called the bridegroom aside, Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a,
10 and said, "Everyone serves the good wine first, then the lesser once guests are drunk. But you've kept the good wine till now." epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Jesus performed this first sign at Cana in Galilee. He revealed his glory, and his disciples believed in him. Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12 After this he went down to Capernaum with his mother, brothers, and disciples, and stayed there a few days. Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13 When the Jewish Passover was near, Jesus went up to Jerusalem. Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14 In the temple courts he found sellers of cattle, sheep, and doves, and others sitting at tables exchanging money. Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo.
15 He made a whip of cords and drove them all out of the temple courts, sheep and cattle alike, poured out the money-changers' coins, and overturned their tables. Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo.
16 To the dove sellers he said, "Take these out of here! Don't make my Father's house a marketplace." A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17 His disciples remembered that it is written: "Zeal for your house will consume me." Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.”
18 So the Jews asked, "What sign will you show us for doing these things?" Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19 Jesus answered them, "Destroy this temple, and in three days I will raise it up." Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20 They replied, "This temple took forty-six years to build, and will you raise it in three days?" Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21 But the temple he had spoken of was his body. Men Li t ap pale sou tanp kò Li a.
22 After he rose from the dead, his disciples remembered he had said this, and believed the Scripture and the word Jesus had spoken. Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23 While he was in Jerusalem at the Passover, many saw the signs he did and trusted in his name. Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24 But Jesus would not entrust himself to them, for he knew all people. Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun.
25 He didn't need anyone's testimony about people—he knew what was in each one. Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]