Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the beginning was the Word, and the Word was with our Father, and the Word was God. Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.
2 He was in the beginning with our Father. Li te nan kòmansman avèk Bondye.
3 All things were made through him, and without him not one thing was made that was made. Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.
4 In him was life, and the life was the light of all people. Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm.
5 The light shines in the darkness, and the darkness has not overcome it. Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
6 There came a man sent from our Father, whose name was John. Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.
7 He came as a witness, to bear witness about the light, so that all might believe through John's witness. Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.
8 He was not the light, but came to bear witness about the light. Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
9 The true light, which gives light to everyone, was coming into the world. Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun.
10 He was in the world. The world came into being through him, yet did not know him. Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li.
11 He came to his own, and his own people did not receive him. Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li.
12 But to all who received him, believing in his name, he gave the right to become children of our Father, Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,
13 children born not of blood nor of the will of flesh nor of the will of man, but of our Father. ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 The Word became flesh and lived among us. We saw his glory, the glory of the one and only Son from the Father, full of grace and truth. E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15 John testified about him, crying out, "This is the one I meant: he who comes after me outranks me, since he existed before me." Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”
16 For from his fullness we have all received, grace upon grace. Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.
17 For the law was given through Moses; grace and truth came through Jesus Christ. Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.
18 No one has ever seen our Father; the one and only God, close beside the Father, has made him known. Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19 This is John's testimony, when the Jews sent priests and Levites from Jerusalem to ask him, "Who are you?" E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20 He confessed, and did not deny, but confessed, "I am not the Christ." Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese: “Mwen menm se pa Kris la.”
21 So they asked him, "What then? Are you Elijah?" "I am not," he said. "Are you the Prophet?" "No," he answered. Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? Li te di: “Non mwen pa Li.” “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22 So they asked, "Who are you? We need to give an answer to those who sent us. What do you say about yourself?" Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23 He said, "I'm the voice of one crying out in the wilderness, 'Make straight the way of the Lord,' as the prophet Isaiah said." Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24 Now they had been sent from the Pharisees. Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo.
25 They asked him, "Why baptize, then, if you're not the Christ, nor Elijah, nor the Prophet?" E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26 John answered them, "I baptize with water, but among you stands one you do not know, Jean te reponn yo konsa: “Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen.
27 even he who comes after me, whose sandal strap I am not worthy to untie." Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28 These things took place in Bethany across the Jordan, where John was baptizing. Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
29 The next day, seeing Jesus coming toward him, he said, "Look! The Lamb of our Father—Jesus—who takes away the sin of the world! Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan.
30 This is the one I meant: 'After me comes a man who ranks before me, because he was before me.' Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’
31 I didn't know him, but I came baptizing with water so he would be revealed to Israel." Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32 John testified: "I saw the Holy Spirit descend from heaven like a dove and remain on him. Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li.
33 I didn't know him, but the one who sent me to baptize with water told me, 'The one you see the Holy Spirit come down and stay on—he is the one who baptizes with the Holy Spirit.' Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’
34 And I have seen and have borne witness that this is the Son of our Father." Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”
35 The next day John was standing again with two of his disciples, Ankò jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo,
36 and looking at Jesus as he walked by, he said, "Look! The Lamb of our Father!" epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a!”
37 The two disciples heard him say this, and they followed Jesus. De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38 Jesus turned, saw them following, and asked, "What do you seek?" They said, "Rabbi" (meaning Teacher), "where do you stay?" Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39 He told them, "Come and you will see." So they went and saw where he was staying, and remained with him that day—about four in the afternoon. Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40 One of the two who heard John speak and followed Jesus was Andrew, Simon Peter's brother. Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre.
41 He first found his own brother Simon and told him, "We've found the Messiah" (meaning Christ). Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42 He brought him to Jesus. Jesus looked at him and said, "You are Simon the son of John. You will be called Cephas" (meaning Peter). Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43 The next day, Jesus decided to leave for Galilee. He found Philip and said, "Follow me." Jou apre Li te vle antre nan Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44 Now Philip was from Bethsaida, the city of Andrew and Peter. Philippe te sòti nan Bethsaïda, vil André avèk Pierre a.
45 Philip found Nathanael and told him, "We've found the one Moses wrote of in the Law and the prophets—Jesus, son of Joseph, from Nazareth." Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46 Nathanael said, "Can anything good come from Nazareth?" Philip said, "Come and see." Nathanaël te di l “Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47 Jesus saw Nathanael approaching and said of him, "Look—a true Israelite, with no deceit in him!" Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48 Nathanael asked him, "How do you know me?" Jesus answered, "Before Philip called you, while you were under the fig tree, I saw you." Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49 Nathanael answered him, "Rabbi, you are the Son of our Father! You are the King of Israel!" Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”
50 Jesus answered him, "You believe because I told you I saw you under the fig tree? You'll see greater things than these." Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.”
51 He told him, "Truly, truly, I say to you, you will see heaven opened, and our Father's angels ascending and descending on the Son of Man." E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]