Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On the first day of the week, at dawn, they came to the tomb, carrying the spices they had prepared. Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.
2 They found the stone rolled away from the tomb, Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan,
3 but when they went in they did not find the body of the Lord Jesus. men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a.
4 While they were perplexed about this, suddenly two men stood beside them in dazzling clothes. Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan.
5 Frightened, they bowed their faces to the ground. The men asked, "Why seek the living among the dead? Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè. Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo?
6 He's not here—he's risen. Remember what he told you while still in Galilee, Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a?
7 that the Son of Man must be handed over to sinful men, be crucified, and rise on the third day." Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
8 And they remembered his words, Konsa yo te sonje pawòl Li yo.
9 returning from the tomb, they told all this to the eleven and all the rest. Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo.
10 Mary Magdalene, Joanna, Mary the mother of James, and the other women with them told these things to the apostles. Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo.
11 But these words seemed like nonsense to them, and they did not believe them. Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo.
12 Peter got up and ran to the tomb; bending down, he saw only the linen cloths, then went home amazed at what had happened. Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
13 That same day two of them traveled to a village called Emmaus, about seven miles from Jerusalem, E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem.
14 and they were talking with each other about all these things that had happened. Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt.
15 While they were talking and discussing together, Jesus himself drew near and went with them. Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo.
16 But their eyes were kept from recognizing him. Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li.
17 He asked them, "What are you discussing with each other as you walk?" They stopped, looking sad. Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?”
18 One of them, Cleopas, replied, "Are you the only visitor to Jerusalem who does not know what has happened there these days?" Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19 He asked, "What things?" They said, "About Jesus of Nazareth—a prophet powerful in deed and word before our Father and all the people, Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la.
20 and how our chief priests and rulers handed him over to a death sentence, and crucified him. Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li.
21 We'd hoped he was the one to redeem Israel. Yet on top of all this, it's the third day since these things happened. Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt.
22 Some women of ours also amazed us—early at the tomb, Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an,
23 and not finding his body, they came back saying they'd even seen a vision of angels, who said he was alive. epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan.
24 Some of our companions went to the tomb and found it just as the women said, but they did not see him." Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25 He said to them, "How foolish you are, and slow to believe all the prophets said! Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;
26 Was it not necessary that the Christ should suffer these things and enter into his glory?" Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?”
27 And beginning with Moses and all the Prophets, he explained to them from all the Scriptures everything about himself. Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28 And they approached the village they were heading to, and he pretended to go farther. Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29 But they insisted, "Stay with us—evening is near, the day nearly done." So he went in to stay with them. Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.
30 As he reclined with them, he took the bread, blessed it, broke it, and gave it to them. Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.
31 And their eyes were opened, and they recognized him. And he vanished from their sight. Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo.
32 They said to each other, "Weren't our hearts burning within us as he spoke to us on the road, as he opened the Scriptures to us?" Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”
33 That same hour they got up, returned to Jerusalem, and found the eleven and those with them gathered together, Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo.
34 saying, "The Lord has risen indeed, and has appeared to Simon!" Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon.
35 And they told what happened on the road, and how he was recognized in the breaking of the bread. Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
36 As they spoke these things, Jesus himself stood among them and said to them, "Peace to you!" Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37 But they were startled and frightened and thought they saw a spirit. Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
38 And he said to them, "Why are you troubled, and why do doubts arise in your hearts? Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou?
39 Look at my hands and my feet—it's really me. Touch me and see: a spirit has no flesh and bones, as you see I have." Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.”
40 And when he had said this, he showed them his hands and his feet. Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li.
41 And while they still disbelieved for joy and were marveling, he said to them, "Do you have anything here to eat?" Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42 They gave him a piece of broiled fish, Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen.
43 and he took it and ate before them. Li te pran l e te manje l devan yo.
44 He said to them, "This is what I told you while still with you: everything written about me in the Law of Moses, the Prophets, and the Psalms had to be fulfilled." Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45 Then he opened their minds to understand the Scriptures, Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.
46 and told them, "This is written: the Christ must suffer and rise from the dead on the third day, Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a.
47 and that repentance for the forgiveness of sins should be proclaimed in his name to all nations, beginning from Jerusalem. Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.
48 You are witnesses of these things. Nou menm se temwen a bagay sa yo.
49 I am sending the promise of my Father on you. Stay in the city until you are dressed with power from on high." Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
50 And he led them out as far as Bethany, and lifting up his hands he blessed them. Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.
51 While he blessed them, he parted from them and was carried up into heaven. Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la.
52 And they worshiped him and returned to Jerusalem with great joy, Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa.
53 and were continually in the temple blessing our Father. Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]