Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the whole assembly rose and brought him before Pilate. Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate.
2 They began accusing him: "We found this man misleading our nation, forbidding taxes to Caesar, and claiming to be Christ, a king." Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
3 Pilate asked him, "Are you the King of the Jews?" He answered, "You say so." Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.
4 Then Pilate said to the chief priests and the crowds, "I find no guilt in this man." Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
5 But they pressed on: "He stirs up the people, teaching all through Judea, from Galilee to here." Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
6 When Pilate heard this, he asked whether the man was a Galilean. Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen.
7 Learning he was under Herod's authority, he sent him to Herod, who himself was also in Jerusalem in those days. Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
8 Seeing Jesus, Herod was delighted—he'd long wanted to see him, having heard about him, and hoped to see him perform a sign. Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li.
9 He questioned him at great length, but Jesus gave him no answer. Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm.
10 The chief priests and the scribes stood by, vehemently accusing him. Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans.
11 Herod and his soldiers scorned and mocked him, dressed him in bright clothing, and sent him back to Pilate. Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.
12 That day Herod and Pilate became friends—they had been enemies before. Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
13 Pilate then called together the chief priests, the rulers, and the people, Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la.
14 and said to them, "You brought me this man as one turning the people away. I examined him before you and found no guilt in this man on your charges. Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo.
15 Neither did Herod, for he sent him back to us. Look, he has done nothing deserving death. Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li.
16 I will therefore discipline him and release him." Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
17 Not in this edition Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la.
18 But they all cried out together, "Away with this man! Release Barabbas to us!" Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!”
19 a man imprisoned for a rebellion that happened in the city, and for murder. (Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
20 Pilate addressed them once more, wanting to release Jesus, Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò,
21 but they kept shouting, "Crucify, crucify him!" men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
22 A third time he said to them, "Why? What wrong has this man done? I find no ground for death in him. So I will punish and release him." Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
23 But they kept shouting loudly, demanding he be crucified, and their voices prevailed. Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen.
24 So Pilate decided that their demand should be granted. Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a.
25 He released the man they asked for, jailed for rebellion and murder, but handed Jesus over to their will. Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
26 Leading him away, they seized a man named Simon of Cyrene, coming in from the countryside, and put the cross on him to carry behind Jesus. Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus.
27 A great crowd of the people followed him, including women who were weeping and wailing for him. Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li.
28 But Jesus turned to them and said, "Daughters of Jerusalem, don't cry for me; cry for yourselves and your children. Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo.
29 For the days are coming when they will say, 'Blessed are the barren, the wombs that never bore, the breasts that never nursed.' Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’
30 Then they'll begin saying to the mountains, "Fall on us," and to the hills, "Cover us." Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’
31 For if they do this when the wood is green, what will happen when it's dry?" Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32 Two others, who were criminals, were also led away to be put to death with him. De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li.
33 When they reached the place called The Skull, they crucified him there with the criminals, one on his right, one on his left. Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Jesus said, "Father, forgive them, for they do not know what they are doing." Then they divided his garments, casting lots. Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
35 The people stood watching; the rulers sneered, "He saved others—let him save himself, if he's God's Christ, the Chosen One." Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36 The soldiers also mocked him, coming up to offer him sour wine, Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si.
37 and saying, "If you are the King of the Jews, save yourself!" Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
38 There was also an inscription over him: "This is the King of the Jews." Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
39 One of the hanged criminals insulted him: "Aren't you the Christ? Save yourself and us!" Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40 But the other rebuked him: "Don't you even fear God, since you're under the same sentence? Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an?
41 Rightly so—we're paying for what we did; but this man has done nothing wrong." Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.”
42 Then he said, "Jesus, remember me when you come into your kingdom." Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 And Jesus said to him, "Truly I tell you, today you will be with me in Paradise." Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
44 It was already about noon, and darkness covered the whole land until three in the afternoon, Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
45 for the sun's light failed; and the curtain of the temple was torn in two. Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.
46 Jesus called out loudly, "Father, into your hands I commit my spirit!" Then he breathed his last. Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47 Seeing what happened, the centurion praised our Father: "This man really was righteous." Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”
48 All the crowds gathered for this sight, seeing what happened, went home beating their chests. Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo.
49 All his acquaintances, and the women who followed him from Galilee, stood far off watching these things. Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
50 Now there was a man named Joseph, a member of the council, a good and righteous man, Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis.
51 who had not agreed to their plan and action. He was from Arimathea, a Jewish town, and was waiting for the kingdom of our Father. Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.
52 This man went to Pilate and asked for the body of Jesus. Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus.
53 He took it down, wrapped it in a linen cloth, and laid him in a rock-cut tomb where no one had yet been laid. Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.
54 It was the day of Preparation, and the Sabbath was about to begin. Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse.
55 Women who came with him from Galilee followed, saw the tomb, and how his body was placed. Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a.
56 They went back and prepared spices and ointments, then rested on the Sabbath as commanded. Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]