Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the Feast of Bread Without Yeast, called Passover, was approaching. Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche.
2 The chief priests and the scribes were looking for a way to kill him, because they feared the people. Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
3 Then Satan entered into Judas, the one called Iscariot, who was one of the twelve. Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo.
4 He went and conferred with the chief priests and temple officers how he might betray him to them. Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm.
5 They were glad and agreed to give him money. Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan.
6 He agreed and began looking for an opportunity to betray him to them away from the crowd. Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
7 Then the day of Unleavened Bread arrived, when the Passover lamb had to be sacrificed. Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.
8 Jesus sent Peter and John, saying, "Go prepare the Passover for us to eat." Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
9 They said to him, "Where do you want us to prepare it?" Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
10 He said, "Once you enter the city, a man carrying a jar of water will meet you. Follow him into the house he enters, Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.”
11 "and tell the owner of the house, 'The Teacher says to you: Where is the guest room where I may eat the Passover with my disciples?' Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’
12 And he will show you a large upper room, furnished; prepare it there." Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
13 They went and found it just as he had told them, and they prepared the Passover. Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
14 When the hour came, he reclined at table, and the apostles with him. Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.
15 He told them, "I have deeply longed to eat this Passover with you before I suffer. Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri;
16 For I tell you, I won't eat it until it's fulfilled in the kingdom of our Father." paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”
17 Taking a cup and giving thanks, he said, "Take this and divide it among yourselves. Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.
18 For I tell you, from now on I will not drink the vine's fruit until our Father's kingdom comes." Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
19 He took bread, gave thanks, broke it, and gave it to them, saying, "This is my body, given for you. Do this in memory of me." Lè L te fin pran yon pen e te beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
20 He did the same with the cup after supper: "This cup is the new covenant in my blood, poured out for you. Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
21 But look—the hand of the one who betrays me is with me on the table. Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.
22 The Son of Man goes as determined, but woe to that man through whom he is handed over!" Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
23 They began asking each other which of them would do this. Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
24 A dispute also arose among them about which of them was the greatest. Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran.
25 He said to them, "Kings of nations dominate them, and rulers over them are called benefactors. Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’.
26 Not so with you: let the greatest among you become like the youngest, the leader like the one serving. Men se pa konsa pou nou menm, men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a.
27 Who is greater—the guest at the table or the one serving? The guest, isn't it? Yet I am among you as one who serves. Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
28 "You are those who have stayed with me in my trials, Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan tout eprèv Mwen yo.
29 and I confer on you a kingdom, just as my Father conferred one on me, Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen yon wayòm, Mwen bannou li,
30 so you'll eat and drink at my table in my kingdom, and sit on thrones judging the twelve tribes of Israel." pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
31 "Simon, Simon, listen—Satan has demanded to sift all of you like wheat, Simon, Simon, veye byen. Satan mande pèmisyon pouvannen ou tankou ble.
32 but I prayed for you, that your faith not fail. Once you have turned back, strengthen your brothers." Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”
33 Peter said, "Lord, I'm ready to go with you to prison and death." Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
34 Jesus said, "I tell you, Peter: the rooster won't crow today before you deny three times that you know me." Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
35 He asked, "When I sent you without money bag, knapsack, or sandals, did you lack anything?" "Nothing," they said. Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
36 He said to them, "But now, let the one with a money bag take it, and a knapsack too. Let the one without a sword sell his cloak and buy one. Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte youn nepe.
37 For I tell you this Scripture must be fulfilled in me: 'He was counted among sinners.' For what is written about me is coming true." Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paskesa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”
38 They said, "Lord, look, here are two swords." He said to them, "It is enough." Yo te di: “Senyè, gade, men de nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
39 And he went out, as usual, to the Mount of Olives, and the disciples followed him. Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li.
40 When he reached the place, he told them, "Pray you don't give in to temptation." Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
41 And he withdrew from them about a stone's throw, and knelt down and prayed, Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.
42 saying, "Father, if you are willing, take this cup from me. Yet not my will, but yours, be done." Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, rete tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
43 And an angel from heaven appeared to him, strengthening him. Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs.
44 In agony he prayed more intensely; his sweat became like great drops of blood falling down to the ground. Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
45 When he rose from prayer, he came to the disciples and found them asleep from grief, Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo.
46 he said to them, "Why are you sleeping? Get up and pray, so you don't yield to temptation." Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
47 While he was still speaking, a crowd came, led by the one called Judas, one of the twelve. He came up to Jesus to kiss him, Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L.
48 but Jesus said to him, "Judas, would you betray the Son of Man with a kiss?" Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
49 Seeing what was about to happen, those with him said, "Lord, should we strike with the sword?" Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”?
50 And one of them struck the servant of the high priest and cut off his right ear. Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
51 But Jesus answered, "No more of this!" And he touched the ear and healed him. Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.
52 Then Jesus said to the chief priests, temple officers, and elders who had come out against him, "Have you come out with swords and clubs, as against a robber? Jésus te di a chèf prèt avèk ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè?
53 Every day I was with you in the temple, and you didn't lay hands on me. But this is your hour, and the authority of darkness." Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
54 Seizing him, they led him and brought him into the high priest's house; Peter followed at a distance. Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.
55 They lit a fire in the middle of the courtyard and sat together; Peter sat among them. Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo.
56 But a servant girl, seeing him sitting facing the light, stared at him and said, "This one too was with him." Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
57 But he denied it, saying, "Woman, I do not know him." Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
58 Shortly after, another saw him and said, "You too are one of them." But Peter said, "Man, I'm not." Yon ti jan pita, yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
59 About an hour later, another insisted, "This man was certainly with him, for he's a Galilean too." Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, paske li se yon Galileyen.”
60 But Peter said, "Man, I don't know what you're saying." Immediately, while he was still speaking, the rooster crowed. Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante.
61 The Lord turned and looked at Peter. Peter remembered what the Lord had told him: "Before the rooster crows today, you will deny me three times." Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.”
62 And he went out and wept bitterly. Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
63 Now the men who were holding Jesus mocked him as they beat him. Alò mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li,
64 They blindfolded him and kept asking, "Prophesy! Who is it that struck you?" Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?”
65 And they said many other things against him, insulting him. Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèkblasfèm.
66 At daybreak, the people's council of elders convened—chief priests and scribes—and led him away to their council, saying, Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di:
67 "If you are the Christ, tell us." He said to them, "If I tell you, you will not believe, “Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè;
68 "and if I ask you, you will not answer. epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale.
69 "But from now on the Son of Man will sit at the right hand of the power of our Father." Men depi koulye a, Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
70 They all said, "So you are the Son of God?" He said to them, "You say that I am." Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: “Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
71 They said, "What more testimony do we need? For we heard it ourselves from his mouth." Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]