Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Looking up, Jesus saw the rich putting their gifts into the temple treasury. Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.
2 He also saw a poor widow putting in two small copper coins. Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv.
3 "Truly I tell you," he said, "this poor widow has put in more than all the others. Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout;
4 For all these gave gifts from their surplus, but she gave from her poverty all she had to live on." paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
5 As some were speaking of the temple, decorated with fine stones and gifts dedicated to our Father, he said: Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di:
6 "As for what you're looking at, days are coming when not one stone will be left on another—every one will be thrown down." Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
7 "Teacher," they asked, "when will these things happen, and what sign will show these things are about to happen?" Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
8 "Watch out, don't be deceived," he said. "Many will come in my name, saying, 'I am he,' and, 'The time is near.' Don't follow them. Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.
9 When you hear of wars and revolts, don't panic. These must come first, but the end won't follow at once." Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
10 Then he said to them, "Nation will rise against nation, and kingdom against kingdom. Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.
11 Great earthquakes will strike, with famines and plagues in various places, and terrors and great signs from heaven. Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.
12 But before all this, they'll grab you and persecute you, handing you over to synagogues and prisons, hauling you before kings and governors because of my name. Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.
13 This will be your opportunity to bear witness. Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou.
14 So settle in your hearts not to prepare your defense beforehand, Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou.
15 for I will give you words and wisdom no opponent can resist or refute. Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
16 You will be betrayed even by parents and brothers and relatives and friends, and they will kill some of you. Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.
17 You will be hated by everyone for my name's sake. Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.
18 But not a hair of your head will perish. Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
19 By your endurance you will gain your lives." Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
20 "When you see Jerusalem surrounded by armies, then know that its desolation has drawn near. Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.
21 Then let those in Judea flee to the mountains, let those in the city leave, and let those in the countryside not enter it, Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.
22 for these are days of judgment, when all that is written will be fulfilled. Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.
23 How terrible it will be for pregnant women and nursing mothers in those days! For great distress will fall on the land, and wrath against this people. Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.
24 They will fall by the edge of the sword and be led captive into all nations. Jerusalem will be trampled by the nations until the times of the nations are fulfilled." Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
25 "There will be signs in sun, moon, and stars, and on earth, nations in distress, confused by the sea's roar and surge. Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
26 People fainting from fear, dreading what's coming on the world, for the powers of the heavens will be shaken. Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.
27 Then they will see the Son of Man coming in a cloud with power and great glory. Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.
28 When these things start, straighten up and lift your heads, for your redemption is near." Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.
29 Then he told them a parable: "Look at the fig tree and all the trees. Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo.
30 When they sprout leaves, you see for yourselves and know summer is already near. Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a.
31 Likewise, when you see these things happen, know the kingdom of our Father is near. Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.
32 Truly I tell you, this generation will not pass away until all these things have taken place. Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive.
33 Heaven and earth will pass away, but my words will never pass away." Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
34 "Watch yourselves, or your hearts will be weighed down by wild living, drunkenness, and life's worries, and that day will spring on you suddenly, like a trap. Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
35 For it will come upon everyone living on the face of the whole earth. Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.
36 Keep watch at all times, praying for strength to escape everything about to happen, and to stand before the Son of Man." Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
37 By day he taught in the temple; at night he went out and stayed on the Mount of Olives. Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.
38 All the people would come to him at dawn in the temple to hear him. Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]