Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 One of those days, as Jesus taught the people in the temple and preached good news, the chief priests and scribes came up with the elders, Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.
2 and asked him, "Tell us by what authority you do these things, or who gave you this authority." Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
3 He answered them, "I also will ask you a question. Tell me: Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen:
4 Was the baptism of John from heaven, or from man?" Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
5 They discussed among themselves: "If we say, 'From heaven,' he'll say, 'Why didn't you believe him?' Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?
6 But if we say 'From man,' all the people will stone us, for they're convinced John was a prophet." Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”
7 So they answered that they did not know where it came from. Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
8 And Jesus said to them, "Neither will I tell you by what authority I do these things." Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
9 He began telling the people this parable: A man planted a vineyard, leased it to tenants, then went abroad for a long time. Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
10 "At harvest he sent a servant to the tenant farmers for his share of the vineyard's fruit, but they beat him and sent him away empty-handed. Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid.
11 He sent another servant; they beat him too, humiliated him, and sent him away empty-handed. Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid.
12 And he sent yet a third, but they wounded this one too and threw him out. Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò.
13 The vineyard owner said, 'What should I do? I will send my beloved son; perhaps they will respect him.' Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
14 But seeing him, the tenants reasoned among themselves: 'This is the heir. Let's kill him, so the inheritance becomes ours.' Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’
15 They threw him out of the vineyard and killed him. What then will the vineyard owner do to them? Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo?
16 "He will come, destroy those tenants, and give the vineyard to others." Hearing this, they said, "Impossible!" Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.” Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
17 He looked straight at them and asked, "Then what is this that's written: 'The stone the builders rejected became the cornerstone'? Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri: ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a; sila a te devni lang prensipal la.’?
18 Everyone who falls on that stone will be broken to pieces, and when it falls on anyone, it will crush him." Tout moun ki tonbe sou wòch sa a, va kraze an mòso; men sou nenpòt moun ke li menm tonbe, l ap gaye li tankou pousyè.”
19 The scribes and chief priests wanted to arrest him then and there, knowing he'd told this parable against them—but they feared the people. Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.
20 Watching closely, they sent spies pretending to be honest, to catch him in his words, so as to hand him over to the governor's rule and authority. Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.
21 They asked him, "Teacher, we know you speak and teach rightly, favor no one, but truly teach God's way. Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.
22 Is it lawful for us to pay taxes to Caesar, or not?" Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
23 But he saw through their cunning and said, Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:
24 "Show me a coin worth a day's wages. Whose image and inscription is on it?" They said, "Caesar's." “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25 He said to them, "Then give Caesar what's Caesar's, and our Father what's our Father's." Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
26 They could not trap him in his words before the people, and amazed at his answer, they fell silent. Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
27 Some Sadducees, who deny there is a resurrection, came and asked him, Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon).
28 "Teacher, Moses wrote for us: if a man dies leaving a wife but no children, his brother must marry the widow and raise offspring for him. Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a.
29 Now there were seven brothers. The first took a wife and died childless. Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit.
30 And the second, Konsa, dezyèm nan,
31 and the third took her, and likewise all seven left no children and died. epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit.
32 Finally the woman also died. Finalman, fanm nan te mouri tou.
33 At the resurrection, then, whose wife will she be? For all seven had married her." Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
34 And Jesus said to them, "The people of this age marry and are given in marriage, Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj.
35 "But those considered worthy to reach that age and the resurrection from the dead neither marry nor are given in marriage. Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj.
36 For they can no longer die, because they are like angels and children of our Father, children of the resurrection. Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.
37 But even Moses showed the dead are raised, at the bush passage, calling our Father the God of Abraham and of Isaac and of Jacob. Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki
38 He isn't God of the dead but of the living, for all are alive to him." viv de Li yo.”
39 Then some of the scribes answered, "Teacher, you have spoken well." Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.”
40 For they no longer dared to ask him anything. Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
41 But he said to them, "How can they say that the Christ is the son of David? Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David?
42 For David himself says in the Psalms, 'Our Father said to my Lord, "Sit at my right hand, Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: ‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
43 until I make your enemies a footstool for your feet."' Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
44 David then calls him Lord—how is he his son?" Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
45 While all the people were listening, he said to his disciples, Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo:
46 "Watch out for the scribes, who want to walk in long robes, and love greetings in the marketplaces, the best seats in synagogues, and places of honor at feasts, “Fè atansyon de skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo;
47 who devour widows' houses and pray long prayers for show. They will receive greater condemnation." ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]