Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jesus entered Jericho and was passing through. Li te antre Jéricho e t ap travèse.
2 And there was a man named Zacchaeus; he was a chief tax collector, and he was rich. La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich.
3 He wanted to see who Jesus was, but couldn't for the crowd—he was short. Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay.
4 He ran ahead and climbed a sycamore tree to see him, since Jesus was about to pass that way. Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
5 When Jesus reached the spot, looked up, and said to him, "Zacchaeus, hurry down, for I must stay at your house today." Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
6 So he hurried down and welcomed him joyfully. Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
7 Seeing this, everyone grumbled, "He's gone to stay with a sinful man." Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
8 Zacchaeus stood and said to the Lord, "Look, Lord, I give half my possessions to the poor, and if I've cheated anyone, I'll repay four times as much." Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
9 Jesus told him, "Today salvation has come to this house, since he too is a son of Abraham. Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham.
10 For the Son of Man came to seek and to save the lost." Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
11 While they listened, he added a parable, since he was near Jerusalem and they thought our Father's kingdom would appear immediately. Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman.
12 So he said, "A nobleman went to a distant land to receive a kingdom for himself and return. Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen.
13 Calling ten of his servants, he gave each about three months' wages, saying, "Trade with this until I return." Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14 His citizens hated him and sent envoys after him, saying, "We don't want this man ruling over us." “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15 "Returning after receiving the kingdom, he called the servants he had given money to, to learn what they had earned. “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16 The first came, saying, 'Lord, your money has earned ten times as much.'" “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17 "He replied, 'Well done, good servant! Since you were faithful in a small matter, take charge of ten cities.'" “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18 "And the second came, saying, 'Lord, the money you gave me has earned five times as much.'" “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’
19 "And he said to him, 'And you will be in charge of five cities.'" Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20 "Then another came, saying, 'Lord, here is your money back, which I kept wrapped in a cloth;' “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa;
21 for I was afraid of you, because you're a harsh man: you take what you didn't deposit and reap what you didn't sow." paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22 He answered, "By your own mouth I judge you, wicked servant! You knew I'm a harsh man, taking what I didn't deposit and reaping what I didn't sow? “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?
23 Why then didn't you put my money in the bank? I'd have collected it with interest when I returned. ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24 He said to those standing by, 'Take the money from him and give it to the one with ten times as much.'" “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25 "And they said to him, 'Lord, he has ten times as much! “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26 I tell you: everyone who has will be given more; but from the one who has none, even what he has will be taken. “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27 But bring here these enemies of mine who refused my rule, and slaughter them before me.'" “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
28 And when he had said these things, he went on ahead, going up to Jerusalem. Lè L fin pale bagay sa yo, Li te pran devan pou monte vè Jérusalem.
29 Nearing Bethphage and Bethany, at the Mount of Olives, he sent two of the disciples, Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan.
30 saying, "Go into the village ahead. As you enter, you will find a colt tied there, never sat on. Untie it and bring it here. Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la.
31 If anyone asks you, 'Why are you untying it?' say, 'The Lord needs it.'" Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’”
32 So those who were sent went away and found it just as he had told them. Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
33 As they were untying the colt, its owners said to them, "Why are you untying the colt?" Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
34 And they said, "The Lord needs it." Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
35 They brought it to Jesus, threw their cloaks on the colt, and set Jesus on it. Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
36 And as he rode along, they spread their cloaks on the road. Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
37 As he neared the descent of the Mount of Olives, the whole crowd of disciples began rejoicing, praising our Father loudly for all the mighty works they had seen, Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo.
38 saying, "Blessed is the King who comes in the name of our Father! Peace in heaven and glory in the highest!" Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”
39 And some of the Pharisees in the crowd said to him, "Teacher, rebuke your disciples." Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
40 He answered, "I tell you, if these were silent, the very stones would cry out." Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”
41 And when he drew near and saw the city, he wept over it, Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.
42 saying, "If only you had known today what brings you peace! But now it is hidden from your eyes. Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
43 Days are coming when your enemies will build a barricade around you, surround you, and hem you in on every side, “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote.
44 and they will level you and your children within your walls, leaving no stone on another, because you did not recognize the time of your visitation." Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
45 And he entered the temple and began to drive out those who were selling, Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo,
46 he told them, "Scripture says, 'My house will be a house of prayer,' but you've made it a den of robbers." Li te di yo: “Li ekri. ‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”
47 He taught daily in the temple, while the chief priests, scribes, and leaders of the people looked for a way to kill him, Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li.
48 but they found nothing they could do, since all the people hung on his words. Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]