Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Luke 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Jesus told them a parable about the need to always pray and never lose heart. Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.
2 "In a certain town there was a judge who neither feared God nor respected people. Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.
3 A widow in that town kept coming to him, saying, 'Grant me justice against my opponent.' “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
4 For a while he refused, but then said to himself, 'Though I don't fear God nor respect people, “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni respekte moun,
5 since this widow keeps troubling me, I'll grant her justice, so she doesn't wear me out with her endless visits.'" menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”
6 And the Lord said, "Listen to what the unjust judge says. Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di.
7 Won't our Father bring justice for his chosen ones who cry to him day and night? Will he keep delaying? Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
8 I tell you, he will grant them justice quickly. But when the Son of Man comes, will he find faith on earth?" “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 He also told this parable to some who trusted in themselves as righteous and despised everyone else: Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba.
10 "Two men went up to the temple to pray, one a Pharisee and the other a tax collector. “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 The Pharisee stood and prayed about himself: 'God, I thank you I'm not like other people—robbers, wrongdoers, adulterers—or even like this tax collector.' “Farizyen an te kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.
12 'I fast twice a week; I give a tenth of all I get.' Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’
13 But the tax collector, standing far off, would not even raise his eyes to heaven, but beat his chest, saying, 'our Father, have mercy on me, a sinner.' Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 I tell you, this man went to his home justified, not the other. Everyone who lifts himself up will be humbled; the one who humbles himself will be lifted up." “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
15 People were even bringing their infants to him to touch them, but the disciples saw this and warned them off. Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
16 But Jesus called the children to him and said, "Let the children come to me; don't stop them—the kingdom of our Father belongs to ones like these. Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
17 Truly I tell you: whoever doesn't accept the kingdom of our Father like a little child will never enter it." “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
18 A certain ruler asked him, "Good Teacher, what must I do to inherit eternal life?" Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19 Jesus said to him, "Why call me good? No one is good except our Father alone. Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.
20 You know the commandments: 'Do not commit adultery, Do not murder, Do not steal, Do not testify falsely, Honor your father and mother.'" Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21 "All these I have kept since my youth," he said. Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Hearing this, Jesus said, "One thing you still lack: sell all you own, give to the poor, and you'll have treasure in heaven; then come, follow me." Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 But when he heard this, he became very sad, for he was extremely rich. Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24 Jesus looked at him and said, "How hard it is for the wealthy to enter our Father's kingdom! Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
25 For it's easier for a camel to pass through a needle's eye than for a rich person to enter our Father's kingdom." Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Those who heard it asked, "Then who can be saved?" Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27 But he said, "What is impossible for people is possible for our Father." Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28 Then Peter said, "Look, we have left our own homes and followed you." Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 He said to them, "Truly I tell you: no one has left house, wife, brothers, parents, or children for the sake of our Father's kingdom, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la,
30 who will not receive many times more now, and eternal life in the age to come." ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
31 He took the Twelve aside and said, "Look, we're going up to Jerusalem, and all the prophets wrote about the Son of Man will be fulfilled. Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.
32 For he will be handed over to the Gentiles, mocked, insulted, and spit on. Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li.
33 They will flog him and kill him, and on the third day he will rise." Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
34 But they understood none of this; this saying was hidden from them, and they did not grasp what was said. Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
35 As Jesus drew near to Jericho, a blind man was sitting by the roadside begging. Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
36 Hearing a crowd going by, he asked what was happening. Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye.
37 They told him, "Jesus of Nazareth is passing by." Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
38 So he called out, "Jesus, Son of David, have mercy on me!" Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
39 Those who were in front rebuked him and told him to be quiet, but he cried out all the more, "Son of David, have mercy on me!" Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
40 Jesus stopped and ordered him brought to him. When he came near, Jesus asked, Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l:
41 "What do you want me to do for you?" He said, "Lord, let me see again." “Kisa ou vle M fè pou ou?” Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
42 And Jesus said to him, "Receive your sight; your faith has saved you." Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”
43 At once he could see and followed Jesus, glorifying our Father. All the people who saw it praised our Father too. Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]