Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 8 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:

2“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yopou pawòl a bouch ou fè gwo van?

3Èske Bondye konn konwonpi jistis la?Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?

4Si fis ou yo te peche kont Li,alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.

5Si ou ta chache Bondye e mandekonpasyon a Toupwisan an,

6si ou te san tach e dwat;anverite, koulye a,Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse oujan ou te ye nan ladwati ou.

7Malgre, kòmansman ou pa t remakab,ou ta fini avèk anpil gwo bagay.

8“Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.

9Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,e nou pa konnen anyen,paske jou pa nou yo sou latèse sèl yon lonbraj ki pase.

10Èske yo p ap enstwi ou, pale ou efè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?

11“Èske jon kab grandi san ma dlo?Èske wozo konn pouse san dlo?

12Pandan li toujou vèt e san koupe a,l ap fennen avan tout lòt plant yo.

13Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo.Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,

14sila a ak konfyans frajil lakap mete konfyans li nan fil arenye a.

15Arenye a mete konfyans sou lakay li,men li p ap kanpe.Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.

16Li byen reyisi nan solèy la egaye toupatou nan jaden an.

17Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;li sezi yon kay wòch.

18Si li vin deplase sou plas li,alò plas li va refize rekonèt li e di:“Mwen pa t janm wè w.

19Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li;epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.

20“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg;ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.

21Jiska prezan, Li va ranpli bouch ouavèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.

22Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wonte tant a mechan yo p ap la ankò.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]