Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 7 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè?Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?

2Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,tankou jounalye k ap tann kòb li,

3se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.

4Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.

5Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.Po m vin di e li koule pij.

6Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a.Yo fini sanzespwa.

7Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf;zye m p ap wè sa ki bon ankò.

8Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.

9Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.

10Li p ap retounen ankò lakay li,ni plas li p ap rekonèt li ankò.

11“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen.Mwen va pale nan doulè lespri m;mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.

12Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a,pou Ou te mete gad sou mwen?

13Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo,sofa m va soulaje plent mwen,’

14answit, Ou fè m krent ak rèv,e teworize m ak vizyon;

15jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;pito lanmò olye doulè mwen yo.

16Mwen fin epwize nèt;mwen p ap viv tout tan.Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.

17Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou lie pou Ou bay ka li enpòtans,

18pou Ou fè l pase egzamen chak maten efè l pase eprèv chak moman?

19Èske Ou p ap janm sispann gade m,ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?

20Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,Ou menm, ki gadyen lòm?Poukisa Ou te fè m objè tiraj Oujiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?

21Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo,e retire inikite mwen yo?Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]