Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Don't people have hard service on earth, and aren't their days like those of a hired worker? “Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
2 Like a slave who longs for the shade, and like a hired worker who waits for his wages, Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,
3 so I have been allotted months of emptiness, and nights of misery have been assigned to me. se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
4 When I lie down I say, 'When will I get up?' But the night drags on, and I toss and turn until dawn. Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
5 My flesh is clothed with worms and clods of dirt; my skin hardens, then breaks open again. Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij.
6 My days are swifter than a weaver's shuttle, and they come to their end without hope. Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
7 Remember that my life is but a breath; I will never again see anything good. Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.
8 The eye that sees me now will see me no more; your eyes will be on me, and I will be gone. Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
9 As a cloud fades and vanishes, so the one who goes down to the grave does not come up; Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
10 he returns no more to his house, and his place knows him no longer. Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò.
11 "Therefore I will not keep my mouth shut; I will speak out of the anguish of my spirit, I will complain in the bitterness of my soul. “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Am I the sea, or a sea monster, that you set a guard over me? Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?
13 When I say, 'My bed will comfort me, my couch will ease my complaint,' Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’
14 then you frighten me with dreams and terrify me with visions, answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon;
15 so that I would choose strangling and death rather than this body of mine. jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 I waste away; I will not live forever. Leave me alone, for my days are a breath. Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17 "What is man, that you make so much of him, and that you set your heart on him, Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 that you visit him every morning and test him every moment? pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman?
19 How long until you look away from me, and leave me alone long enough to swallow my spit? Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20 If I have sinned, what have I done to you, watcher of mankind? Why have you made me your target, so that I have become a burden to myself? Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Why won't you forgive my sin and take away my guilt? For soon I will lie down in the dust; you will search for me, but I will be gone." Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]