Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Job answered: Epi Job te reponn:
2 "If only my anguish could be weighed and all my calamity laid together on the scales! “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan, ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3 It would surely outweigh the sand of the seas—that is why my words have been reckless. Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo. Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4 For the arrows of the Almighty are in me; my spirit drinks their poison; the terrors of God are arrayed against me. Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
5 Does the wild donkey bray over its grass, or the ox bellow over its fodder? Èske bourik mawon ranni sou zèb li, oswa bèf rele sou manje li?
6 Is tasteless food eaten without salt, or is there any flavor in the juice of the mallow? Èske bagay san gou kapab manje san sèl, oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
7 My soul refuses to touch them; such things are loathsome food to me. Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
8 Oh, if only my request would be granted, that God would give me what I long for, “O ke sa m mande ta kab rive, e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9 that God would be willing to crush me, to let loose his hand and cut me off! Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10 This would still be my comfort—I would leap for joy even in pain that shows no mercy—that I have not denied the words of the Holy One. Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen; wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen, pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11 What strength do I have, that I should keep hoping? And what end awaits me, that I should be patient? Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12 Is my strength the strength of stones? Is my flesh made of bronze? Èske fòs mwen tankou wòch, o èske chè m kon bwonz?
13 Is there no help at all within me, now that sound wisdom is driven from me? Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m, ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14 Anyone who withholds kindness from a friend forsakes the fear of the Almighty. “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 But my brothers are as treacherous as a desert streambed, like the channels of brooks that overflow and run dry, Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;
16 darkened by melting ice, swollen with the hidden snow, ki vin sal tankou glas k ap fonn kote lanèj kon kache.
17 but in the dry season they vanish; when the heat comes, they disappear from their place. Nan sezon sèch, yo pa la; lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Caravans turn aside from their paths; they go up into the wasteland and perish. Chemen a kous pa yo tòde tout kote; yo monte rive vin anyen; yo vin disparèt.
19 The caravans of Tema look for water; the travelers of Sheba hope for it. Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20 They are ashamed because they had trusted; they reach the place and are disappointed. Yo te desi paske yo te mete konfyans; yo te vini la, e te etone.
21 Now you too have become nothing; you see something dreadful and are afraid. Anverite, koulye a se konsa ou ye; ou wè laperèz e ou vin pè.
22 Have I ever said, 'Give me something'? Or, 'Offer a bribe for me from your wealth'? Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’? Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23 Or, 'Rescue me from an enemy's hand'? Or, 'Redeem me from the grip of the ruthless'? Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’? Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24 Teach me, and I will be silent; show me where I have gone wrong. “Enstwi mwen e mwen va pe la! Montre mwen kote mwen gen tò.
25 How painful honest words can be! But what does your rebuke really prove? Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
26 Do you mean to correct mere words, treating a despairing man's speech as wind? Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27 You would even cast lots over an orphan and barter away your own friend. Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.
28 But now, please look at me—I would never lie to your face. Alò, souple, gade mwen e wè si se manti m ap fè nan figi ou.
29 Relent, I beg you; let no injustice be done. Relent—my righteousness still stands. Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
30 Is there any wrong on my tongue? Can my mouth not discern what is destructive?" Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]