Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "I am sick of my own life. I will give free rein to my complaint; I will speak out of the bitterness of my soul. “Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
2 I will say to God: Do not condemn me; let me know why you contend with me. Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
3 Does it please you to oppress, to despise the work of your hands while you smile on the schemes of the wicked? Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
4 Do you have eyes of flesh? Do you see as a mortal sees? Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa èske Ou wè kon yon nonm wè?
5 Are your days like the days of a mortal, or your years like the years of a man, Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl, oswa ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
6 that you must search out my guilt and hunt down my sin, pou Ou ta dwe chache koupabilite mwen e fè rechèch dèyè peche m?
7 though you know that I am not guilty, and there is no one who can rescue me from your hand? Malgre Ou konnen mwen pa koupab, sepandan, nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
8 "Your hands shaped me and made me, every part of me, and now you turn and destroy me. “Se men Ou ki te fòme mwen nèt. Konsa, èske Ou ta detwi mwen?
9 Remember that you molded me like clay. Will you now return me to the dust? Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10 Did you not pour me out like milk and curdle me like cheese, Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen e fè m kaye tankou fwomaj?
11 clothe me with skin and flesh, and weave me together with bones and sinews? Ou te abiye mwen ak po avèk chè e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12 You granted me life and covenant love, and your care has watched over my spirit. Ou te ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou. Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13 "Yet you hid this in your heart, and I know this was your purpose: Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14 if I sinned, you would be watching me and would not clear me of my guilt. si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. Ou pa ta akite m de koupabilite mwen.
15 If I am guilty, woe to me! And even if I am innocent, I cannot lift my head—I am so full of shame, drenched in my affliction. Si mwen mechan, malè a mwen! Epi si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16 If I hold my head high, you hunt me like a lion and again work wonders against me. Si tèt mwen ta vin leve wo, Ou ta fè lachas dèyè m tankou yon lyon; epi ankò, Ou ta montre pouvwa Ou kont mwen.
17 You bring fresh witnesses against me and pour out more of your anger on me; wave after wave of trouble assaults me. Ou renouvle temwayaj Ou kont mwen, e ogmante kòlè Ou vè mwen. Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
18 "Why then did you bring me out of the womb? I wish I had died before any eye saw me. “Alò, poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19 I would have been as though I never existed, carried straight from the womb to the grave. Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20 Are not my days few? Turn away from me, let me alone, so I may have a moment of comfort, Èske jou m yo pa kout? Rete! Ralanti sou mwen pou m kab jwenn yon ti kras kè kontan,
21 before I go to the place of no return, to the land of darkness and deep shadow, avan ke m ale—pou mwen pa tounen nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22 to the land of gloom like deepest night, of deep shadow and disorder, where even the light is like darkness." Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]