Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Job answered: Konsa, Job te reponn. Li te di:
2 "Truly I know that this is so. But how can a mortal be righteous before God? “Anverite, mwen konnen sa se vrè; alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa devan Bondye?
3 If one wished to contend with him, he could not answer him once in 1,000 times. Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
4 He is wise in heart and mighty in strength—who has ever defied him and come through unharmed? Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
5 He removes mountains before they know it, overturning them in his anger. Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
6 He shakes the earth out of its place, and its pillars tremble. Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.
7 He commands the sun, and it does not rise; he seals up the stars. Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.
8 He alone stretched out the heavens and tramples the waves of the sea. Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo e bese vag lanmè yo.
9 He made the Bear, Orion, and the Pleiades, and the constellations of the southern sky. Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an, avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 He does great things beyond fathoming, marvelous things beyond number. Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo, avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Look—he passes by me, and I do not see him; he moves on, but I do not perceive him. Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L. Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 If he snatches away, who can turn him back? Who will say to him, 'What are you doing?' Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
13 God will not turn back his anger; beneath him the helpers of the sea monster Rahab lay crushed. “Bondye p ap detounen kòlè Li. Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
14 How much less can I answer him, or choose my words to argue with him? Kijan mwen kab reponn Li, e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Though I were in the right, I could not answer him; I could only plead with my judge for mercy. Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
16 If I called and he answered me, I would not believe that he was listening to my voice. Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen, mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 For he crushes me with a storm and multiplies my wounds without cause. Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.
18 He will not let me catch my breath, but fills me with bitterness. Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.
19 If it is a matter of strength, he is the mighty one! And if it is a matter of justice, who can summon him to court? Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?
20 Though I were in the right, my own mouth would condemn me; though I were blameless, it would prove me perverse. Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 I am blameless; I no longer care about myself; I despise my own life. Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.
22 It is all the same; therefore I say, he destroys both the blameless and the wicked. “Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 When sudden disaster brings death, he mocks the despair of the innocent. Si frèt la vin touye sibitman, l ap moke dezolasyon inosan an.
24 The earth is handed over to the wicked; he blindfolds its judges. If it is not he, then who? Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
25 My days are swifter than a runner; they flee away, they see no good. “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 They skim past like boats of reed, like an eagle swooping down on its prey. Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo, tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.
27 If I say, 'I will forget my complaint, I will put aside my gloomy face and be cheerful,' Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen, ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 I dread all my pains, for I know you will not declare me innocent. mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 I will be condemned; why then should I labor in vain? Mwen gen tan fin jije koupab. Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 If I washed myself with snow and cleansed my hands with lye, Si m ta lave m nèt ak lanèj, e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 yet you would plunge me into the pit, and my own clothes would loathe me. malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 For he is not a man like me, that I could answer him, that we could go to court together. Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li, pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 There is no mediator between us, who could lay his hand on us both. Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou, ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Let him take his rod away from me, and let the dread of him no longer terrify me. Kite Li retire baton Li sou mwen, e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Then I would speak without fearing him; but as it is, I am not free to do so." Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L; men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]