Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Zophar the Naamathite answered: Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
2 "Should this flood of words go unanswered? Should a man so full of talk be proven right? “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
3 Should your empty talk silence others? Will you mock with no one to put you to shame? Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
4 For you say, 'My teaching is pure, and I am clean in your sight.' Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’
5 But oh, if only God would speak and open his lips against you, Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
6 and reveal to you the secrets of wisdom—for true wisdom has two sides. Know then that God has charged you less than your guilt deserves. pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.
7 Can you fathom the deep things of God? Can you find the limit of the Almighty? “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
8 They are higher than the heavens—what can you do? Deeper than the grave—what can you know? Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
9 Their measure is longer than the earth and wider than the sea. Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10 If he passes through and imprisons and summons to judgment, who can turn him back? Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, kilès kap anpeche Li?
11 For he knows worthless people; when he sees wrongdoing, will he not take note of it? Paske Li konnen moun ki fò, e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12 But an empty-headed person will become wise when a wild donkey's colt is born human. Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.
13 If you prepare your heart and stretch out your hands to him, “Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.
14 if sin is in your hand, get rid of it, and let no injustice dwell in your tents, Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15 then surely you will lift up your face, free from shame; you will stand firm and not be afraid. Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
16 You will forget your misery, remembering it like waters that have flowed away. Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li.
17 Your life will be brighter than the noonday; its darkness will be like the morning. Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18 You will feel secure, because there is hope; you will look around and lie down in safety. Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 You will lie down with no one to make you afraid, and many will seek your favor. Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.
20 But the eyes of the wicked will fail; every escape will be lost to them, and their only hope is to breathe their last." Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]