Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "At that time,' declares our Father, 'they will remove the bones of Judah's kings, officials, priests, prophets, and Jerusalem's people from their graves. “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo.
2 They will be spread before sun, moon, and all heaven's host they loved, served, followed, consulted, and worshiped—ungathered, unburied, manure on the ground. Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.
3 All the remnant of this evil family, wherever I have driven them, will choose death over life,' declares the Father of heaven's armies. Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
4 "Tell them, 'This is what our Father says: If people fall, don't they rise? If someone turns away, doesn't he return? “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, “‘Èske moun konn tonbe pou l pa leve ankò? Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
5 Why then has this people, Jerusalem, turned away in perpetual backsliding? They cling to deceit; they refuse to return.' Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a? Yo kenbe rèd a desepsyon. Yo refize retounen.
6 I have listened closely, but they do not speak what is right. No one turns from his evil, asking, 'What have I done?' Each one runs his own course, like a horse charging into battle. Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
7 Even the stork in the sky knows her appointed seasons, and the turtledove, the swift, and the crane keep the time of their coming. But my people do not know the just ways of their Father. Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
8 How can you say, 'We are wise, and the law of our Father is with us,' when in fact the lying pen of the scribes has turned it into a lie? “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
9 The wise will be put to shame; they will be dismayed and trapped. Look, they have rejected my word, so what wisdom is left in them? Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?
10 Therefore I will give their wives to others and their fields to new owners. For from the least to the greatest, everyone is greedy for unjust gain; from prophet to priest, everyone practices deceit.' Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun, ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo. Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an, yo tout lanvi gen sa ki pou lòt. Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
11 They dress the wound of the daughter of my people as though it were nothing, saying, 'Peace, peace,' when there is no peace. Yo fè gerizon pèp Mwen an ak pansma lejè. Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
12 Were they ashamed of the detestable things they did? No, they felt no shame at all; they did not even know how to blush. So they will fall among the fallen; when I deal with them, they will be brought down,' says our Father. Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
13 'I will surely gather them in,' declares our Father. 'There will be no grapes on the vine, no figs on the fig tree, and the leaves will wither; what I gave them will pass away from them.' “‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a. P ap gen rezen sou chan rezen an, ni fig sou pye figye etranje a. Fèy yo va fennen, epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”
14 "Why are we sitting here? Gather together! Let us flee to the fortified cities and perish there, for our Father has doomed us to perish and has given us poisoned water to drink, because we have sinned against him." “Poukisa nou chita an plas? Rasanble nou! Annou antre nan vil fòtifye yo, epi la, annou rete an silans; paske SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou tonbe an silans. Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè, paske nou te peche kont SENYÈ a.
15 We hoped for peace, but no good has come; for a time of healing, but instead there is terror. Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini; yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
16 The snorting of the enemy's horses is heard from Dan; at the sound of the neighing of their stallions the whole land trembles. They come and devour the land and everything in it, the city and all who live there. Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
17 "For look, I am sending venomous snakes among you, vipers that cannot be charmed, and they will bite you," declares our Father. “Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou, vipè yo ki p ap ka chame; e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
18 My joy is gone, grief overwhelms me; my heart is sick within me. Tristès Mwen depase gerizon; kè M fennen anndan m!
19 Listen—the cry of the daughter of my people from a land far away: "Is our Father not in Zion? Is her King no longer in her?" "Why have they provoked me to anger with their carved images, with their worthless foreign idols? Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”
20 The harvest is past, the summer has ended, and we are not saved." “Rekòlt la fin pase. Gran sezon an fini, e nou poko sove.”
21 For the wound of the daughter of my people I am crushed; I mourn, and horror grips me. Akoz fi a pèp mwen an brize, mwen menm brize tou; mwen fè dèy konsi pou yon mò. Mwen kraze ba nèt.
22 Is there no balm in Gilead? Is there no physician there? Why then has the healing of the daughter of my people not come? Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]