Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word that came to Jeremiah from our Father: Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
2 Stand at the gate of our Father's house and proclaim there: Hear the word of our Father, all Judah who enter these gates to worship him. “Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
3 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Change your ways and your deeds, and I will let you live in this place. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a.
4 Don't trust these deceptive words: 'our Father's temple! our Father's temple! our Father's temple!' Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’
5 If you truly change your ways and deeds, and truly deal justly with one another, Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li,
6 if you do not oppress the foreigner, the orphan, or the widow, or shed innocent blood in this place, and do not follow other gods to your own harm, si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,
7 then I will let you live in this place, the land I gave your ancestors long ago, forever. alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan.
8 But look—you are trusting in deceptive words that are worth nothing. Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.
9 Will you steal, murder, commit adultery, swear falsely, make offerings to Baal, follow other gods you've not known, Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen,
10 then come stand before me in this house that bears my name and say, 'We are safe!'—only to keep doing all these detestable things? epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?
11 Has this house that bears my name become a den of robbers in your eyes? I myself have seen it, declares our Father. Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
12 Now go to my place that was in Shiloh, where I first set my name, and see what I did to it because of the evil of my people Israel. “Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.
13 Now, because you did all this, declares our Father—I spoke to you again and again but you did not listen, called you but you did not answer, Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.
14 so I will do to the house called by my name, which you trust in, and to the place I gave you and your ancestors, as I did to Shiloh. Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.
15 I will throw you out of my sight, as I threw out all your relatives, all Ephraim's children. Mwen va jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
16 You—do not pray for this people; raise no cry or prayer for them; do not plead with me, for I will not listen to you. “Pou ou menm, pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou.
17 Don't you see what they're doing in Judah's cities and Jerusalem's streets? Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo?
18 Children gather wood, fathers light fire, women knead dough to make cakes for the queen of heaven; they pour drink offerings to other gods to anger me. Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M.
19 But am I the one they provoke? declares our Father. Is it not themselves, to their own shame? Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
20 So the Sovereign Father says: my anger and rage will pour out on this place—on people and animals, on the field's trees and the ground's fruit—burning, never put out. Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
21 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Add your burnt offerings to your other sacrifices and eat the meat yourselves! Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè.
22 For on the day I brought your ancestors out of the land of Egypt, I did not merely speak to them or command them about burnt offerings and sacrifices. Paske Mwen pa t pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis.
23 This is what I commanded them: Obey my voice, and I will be your Father and you will be my children. Walk fully in the way I command you, so it may go well with you. Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’
24 But they did not listen or turn an ear; they walked by their own plans, their evil hearts stubborn, and went backward, not forward. Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan.
25 From the day your ancestors left Egypt until now, I sent you all my servants the prophets, again and again, day after day. Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo.
26 Yet they did not listen to me or pay attention, but were stubborn and did worse than their ancestors. Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.
27 You will speak all these words to them, but they will not listen to you; you will call to them, but they will not answer you. “Ou va pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou.
28 Say to them: This is the nation that did not obey the voice of our Father or accept correction; truth has vanished, cut off from their lips. Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.
29 Cut off your hair and throw it away; wail on the bare heights, for our Father has rejected and abandoned the generation of his anger. Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
30 Judah has done evil in my sight, declares our Father. They set their detestable idols in the house that bears my name, making it unclean. “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li.
31 They built Topheth's high places in the Valley of Ben-Hinnom to burn their sons and daughters in the fire—which I never commanded, and it never entered my mind. Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen.
32 So the days are coming, declares our Father, when it will no longer be called Topheth or the Valley of Ben-Hinnom, but the Valley of Slaughter; they will bury in Topheth until no room is left. Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò.
33 This people's dead bodies will feed the birds of the sky and the animals of the earth, with no one to scare them off. Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale.
34 I will silence in the cities of Judah and the streets of Jerusalem the sound of joy and rejoicing, the voice of bridegroom and bride, for the land will become a wasteland. Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]