Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Oh, that my head were a spring of water and my eyes a fountain of tears, that I might weep day and night for the slain of the daughter of my people! O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!
2 Oh, that I had in the wilderness a traveler's lodging, that I might leave my people and go away from them! For they are all adulterers, a band of traitors. O ke m ta gen nan dezè a, yon plas pou moun k ap vwayaje rete, pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an. Pou m kite yo nèt! Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.
3 They bend their tongue like a bow; falsehood, not faithfulness, has grown strong in the land. They go from evil to evil, and they do not know me, declares our Father. “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
4 Let everyone beware of his neighbor, and put no trust in any brother; for every brother is a deceiver, and every neighbor goes about slandering. “Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.
5 Everyone deceives his neighbor, and no one speaks the truth; they have trained their tongues to speak lies, wearing themselves out with wrongdoing. Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.
6 You live in the midst of deceit; through their deceit they refuse to know me, declares our Father. Abitasyon ou se nan mitan desepsyon. Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
7 Therefore this is what the Father of heaven's armies says: I am about to refine them and test them, for how else should I act, because of the daughter of my people? Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
8 Their tongue is a deadly arrow; it speaks deceit. With his mouth each one speaks peace to his neighbor, but in his heart he sets an ambush for him. Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
9 Should I not punish them for these things? declares our Father. Should I not bring justice upon a nation such as this? Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
10 "I will weep and wail for the mountains, and raise a lament for the pastures of the wilderness, for they are laid waste so that no one passes through, and the lowing of cattle is not heard. From the birds of the sky to the beasts, all have fled and gone. Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.
11 I will make Jerusalem a heap of ruins, a lair of jackals; and I will make the cities of Judah a desolation, without inhabitant." “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi, yon kote abandone pou chen mawon. Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt, san pèsòn pou rete ladan.”
12 Who is wise enough to grasp this? To whom has our Father's mouth spoken, to explain why the land is ruined, scorched like a wilderness, with no one crossing it? Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13 And our Father says: Because they abandoned my instruction, which I gave them, and did not obey my voice or walk in it, SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li,
14 but have stubbornly followed their own hearts and gone after the Baals, as their fathers taught them. men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.”
15 So the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: I will feed this people bitter food and give them poisoned water to drink. Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.
16 I will scatter them among nations they and their fathers never knew, and send a sword after them until I destroy them. Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17 This is what the Father of heaven's armies says: Consider! Call for the women skilled in mourning; send for those practiced in lament. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini. Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!
18 Let them hurry and raise a wailing over us, that our eyes may run with tears and our eyelids stream with water. Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou, pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka fè dlo kouri desann.
19 For a sound of wailing is heard from Zion: How we are ruined! We are utterly ashamed, for we have left the land, for they have torn down our dwellings. Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
20 Now hear the word of our Father, you women; let your ears receive the word of his mouth. Teach your daughters a wailing, and each one her neighbor a lament. Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.
21 For death has climbed in through our windows; it has entered our palaces, cutting off the children from the streets and the young men from the squares. Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.
22 Speak: This is what our Father declares: The dead bodies of people will fall like manure on the open field, like bundles of grain left behind the harvester, with no one to gather them. Pale, “Konsa di SENYÈ a, “‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan, tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la. Pèsòn p ap ranmase yo.’”
23 This is what our Father says: Let not the wise boast in his wisdom, let not the strong boast in his strength, let not the rich boast in his riches; Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 but let the one who boasts boast in this: that he understands and knows me—that I am your Father, who acts with faithful love, justice, and righteousness on the earth; for in these things I delight, declares our Father. Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25 Look, the days are coming, declares our Father, when I will punish all who are circumcised only in the flesh. Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi—
26 Egypt, Judah, Edom, the sons of Ammon, Moab, and all who clip the hair at their temples and live in the desert. For all these nations are uncircumcised, and all the house of Israel are hard-hearted. Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]