Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hear the word that our Father speaks to you, house of Israel. Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël.
2 This is what our Father says: Don't learn the nations' way, or fear signs in the heavens, though the nations fear them. Konsa pale SENYÈ a: “Pa aprann abitid a nasyon yo, ni pa vin krent sign nan syèl yo, malgre nasyon yo krent yo anpil.
3 For the customs of the peoples are worthless: someone cuts a tree from the forest, and the craftsman shapes it with his chisel. Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun; konsi se bwa ki koupe nan forè, zèv men atizan ki koupe ak zouti.
4 They beautify it with silver and gold; they fasten it with hammer and nails so it will not topple. Yo dekore l ak ajan ak lò; yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.
5 Like a scarecrow in a cucumber field, their idols cannot speak; they must be carried, for they cannot walk. Do not be afraid of them, for they can do no harm, and they have no power to do any good either. Yo tankou yon bwa palmis ki fòme pa men moun, men yo pa ka pale. Fòk yo pote yo, paske yo pa ka mache! Pa krent yo; paske yo p ap ka fè okenn mal, ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
6 There is no one like you, our Father; you are great, and your name is great in power. Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!
7 Who would not fear you, King of the nations? This is your due, for among all the wise people of the nations and in all their kingdoms there is no one like you. Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.
8 They are all senseless and foolish; their instruction comes from worthless idols—nothing but wood. Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
9 Hammered silver is brought from Tarshish, and gold from Uphaz, crafted by craftsmen and goldsmiths; their clothing is violet and purple—all of it the work of skilled hands. Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz, travay a yon atizan e men a yon òfèv. Vètman yo an vyolèt e mov; tout se zèv a ouvriye byen fò.
10 But our Father is the true One; he is the living Father and the everlasting King. At his wrath the earth quakes, and the nations cannot endure his fury. Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
11 Tell them: "The gods who didn't make the heavens and the earth will be destroyed from the earth and from under the heavens." Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”
12 It is he who made the earth by his power, who established the world by his wisdom and stretched out the heavens by his understanding. Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
13 When he thunders, the waters in the heavens roar; he makes the mists rise from the ends of the earth. He makes lightning for the rain and brings out the wind from his storehouses. Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.
14 Everyone is senseless and without knowledge; every goldsmith is put to shame by his idols, for his cast images are a lie, and there is no breath in them. Tout moun se ensanse, san konesans. Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li; paske imaj fonn li se desepsyon. Nanpwen souf nan yo.
15 They are worthless, a mockery; at the time of their punishment they will perish. Yo san valè, yon zèv k ap twonpe. Nan lè règleman pa yo, yo va peri.
16 The Portion of Jacob is not like these, for he is the one who formed all things, and Israel is the tribe of his inheritance; the Father of heaven's armies is his name. Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.
17 Gather up your bundle from the ground, you who live under siege. Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!
18 For this is what our Father says: Look, this time I am hurling out the inhabitants of the land, and I will bring distress on them so that they will feel it. Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, M ap voye pèp peye sa a deyò nan moman sa a. Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”
19 Woe to me because of my wound! My injury is grievous. But I said, "Surely this is my sickness, and I must bear it." Malè a mwen, akoz blesi m nan! Blesi m nan byen grav. Men mwen te di: “Anverite, sa se gwo doulè m; fòk mwen pote l.”
20 My tent is destroyed, and all my ropes are snapped. My children have left me and are no more; there is no one left to pitch my tent again or to set up my curtains. Tant mwen an fin detwi. Tout kòd mwen yo fin chire. Fis mwen yo te kite mwen. Yo pa la ankò. Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò, ni pou monte rido mwen yo.
21 For the shepherds have become senseless and have not sought our Father; therefore they have not prospered, and all their flock is scattered. Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse; yo pa t chache SENYÈ a. Akoz sa, yo pa reyisi; tout bann mouton yo fin gaye.
22 Listen! A report is coming—a great commotion from the land of the north—to make the cities of Judah a desolation, a haunt of jackals. Bri rapò a rive! Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a! K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon, yon andwa pou chen mawon.
23 I know, our Father, that a person's way is not their own; no one who walks can direct their own steps. Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
24 Correct me, our Father, but with justice—not in your anger, or you will reduce me to nothing. Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.
25 Pour out your wrath on the nations that do not know you, and on the peoples that do not call on your name; for they have devoured Jacob—devoured him and consumed him—and laid waste his pasture. Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo; paske yo te devore Jacob. Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]