Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to me, "Take a large tablet and write on it plainly: 'Belonging to Maher-shalal-hash-baz.'" SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan),
2 So I called reliable witnesses to attest for me—Uriah the priest and Zechariah son of Jeberechiah. Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.
3 Then I went to the prophetess; she conceived and bore a son, and our Father said to me, "Name him Maher-shalal-hash-baz. Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz.
4 Before the boy knows how to cry 'My father' or 'My mother,' Damascus's wealth and Samaria's plunder will be carried off before Assyria's king." Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”
5 Our Father spoke to me yet again: Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di:
6 "Because this people has refused the gently flowing waters of Shiloah and rejoices over Rezin and the son of Remaliah, “Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a;
7 therefore the Sovereign Father is about to bring up against them the mighty floodwaters of the River—the king of Assyria and all his glory. It will rise over all its channels and overflow all its banks, alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo.
8 and it will sweep on into Judah, flooding and passing through, reaching up to the neck; and its outstretched wings will fill the breadth of your land, Immanuel." Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel!
9 Be shattered, you peoples, and be broken! Listen, all you distant lands! Strap on your armor and be broken; strap on your armor and be broken! “Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt.
10 Devise your plan, but it will come to nothing; speak your word, but it will not stand—for our Father is with us. Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”
11 For this is what our Father told me, his strong hand on me, warning me not to walk this people's way: Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di:
12 "Do not call conspiracy everything this people calls conspiracy; do not fear what they fear, and do not be terrified. “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.
13 The Father of heaven's armies—he is the one you should regard as holy. Let him be your fear; let him be your dread. Se SENYÈ dèzame yo ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone.
14 He will become a sanctuary; but to both houses of Israel he will be a stone that makes them stumble and a rock that makes them fall, and to the inhabitants of Jerusalem a trap and a snare. Li va devni yon sanktiyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo.
15 Many among them will stumble; they will fall and be broken, they will be snared and captured." Se anpil moun k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.”
16 Preserve the testimony; seal the teaching among my disciples. Mare akò la. Sele lalwa pami disip mwen yo.
17 I will wait for our Father, who is hiding his face from the house of Jacob; I will hope in him. Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans.
18 Here am I, and the children our Father gave me—signs and wonders in Israel from the Father of heaven's armies, who lives on Mount Zion. Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.
19 When they tell you, "Ask the mediums and those who consult spirits, who whisper and mutter," should a people not ask their Father? Should they consult the dead for the living? Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?
20 To the teaching and the testimony! If they don't speak according to this word, they have no light of dawn. Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
21 Distressed and hungry, they will roam the land; when famished, they will rage and curse their king and their Father, and look up. Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè.
22 They will look to the earth and see only distress and darkness, the gloom of anguish; and they will be driven into thick darkness. Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]