Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the days of Ahaz son of Jotham, son of Uzziah, king of Judah, Rezin king of Aram and Pekah son of Remaliah king of Israel marched on Jerusalem to fight it, but could not overpower it. Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo pa t ka genyen l.
2 When the house of David heard, "Aram has joined forces with Ephraim," the hearts of Ahaz and his people shook like forest trees before the wind. Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
3 Then our Father told Isaiah, "Go meet Ahaz, you and your son Shear-jashub, at the end of the upper pool's channel, on the road to the Launderer's Field, Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.
4 and tell him: Take care, stay calm, don't be afraid or lose heart over these two smoking stubs of firewood—over the fierce anger of Rezin, Aram, and Remaliah's son. Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a.
5 Because Aram, along with Ephraim and the son of Remaliah, has plotted evil against you, saying, Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di:
6 'Let us march up against Judah, terrify it, split it open for ourselves, and set the son of Tabeel as king over it,' Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.”
7 this is what the Sovereign Father says: It will not stand, and it will not happen. Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.”
8 For the head of Aram is Damascus, and the head of Damascus is Rezin. Within sixty-five years Ephraim will be shattered—no longer a people. Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),
9 The head of Ephraim is Samaria, and the head of Samaria is the son of Remaliah. If you do not stand firm in faith, you will not stand at all." Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”
10 Our Father spoke to Ahaz again, saying, SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di:
11 "Ask your Father for a sign; make it deep as the grave or high as the heavens." “Mande yon sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”
12 But Ahaz said, "I will not ask, and I will not put our Father to the test." Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”
13 Isaiah said, "Listen, house of David! Isn't it enough that you weary people? Must you weary my Father too? Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou?
14 So the Sovereign Father himself will give you a sign: Look, the virgin will conceive, bear a son, and name him Immanuel. Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.
15 He will eat curds and honey by the time he knows to reject evil and choose good. Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.
16 Before the boy knows to reject evil and choose good, the land whose two kings you dread will be abandoned. Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.
17 Our Father will bring on you, your people, and your father's house days unlike any since Ephraim broke from Judah—the king of Assyria. SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
18 In that day our Father will whistle for the fly from Egypt's distant streams and for the bee in the land of Assyria, Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.
19 and they will all come and settle in the steep ravines and in the clefts of the rocks, on all the thornbushes and at all the watering holes. Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
20 In that day the Sovereign Father will shave—with a razor hired from beyond the Euphrates, the king of Assyria—the head and leg hair, and sweep the beard away too. Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.
21 In that day a man will keep alive a young cow and two sheep, Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn gazèl bèf ak yon pè mouton.
22 and because of the abundance of milk, he will eat curds; all left in the land will eat curds and honey. Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè bòl lèt ak siwo myèl la.
23 That day, every place with 1,000 vines worth 1,000 silver pieces will become thorns and thornbushes. Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan.
24 People come there with arrows and bow, for all the land will be thornbushes and thorns. Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan.
25 You will not go to the hills once worked with the hoe, for fear of the thornbushes and thorns; they become pasture for cattle and trampling ground for sheep." Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]