Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the year King Uzziah died, I saw the Lord Jesus seated on a throne, high and lifted up, and the hem of his robe filled the temple. Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan.
2 Above him stood seraphim, each with six wings: two covered the face, two covered the feet, two flew. Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
3 They called to one another: "Holy, holy, holy is our Father, Son, and Holy Spirit, the Lord of heaven's armies; the whole earth is full of his glory." Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”
4 At the sound of their voices the thresholds' foundations shook, and the house filled with smoke. Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen.
5 Then I said: "Woe to me! I'm ruined! I'm a man of unclean lips living among people of unclean lips—and my eyes have seen the King, Jesus, the Lord of all heaven's armies!" Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
6 Then one of the seraphim flew to me with a glowing coal in his hand, taken with tongs from the altar. Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt.
7 He touched my mouth with it and said, "See, this touched your lips; your guilt is removed, your sin atoned for." Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
8 Then I heard the voice of our Lord Jesus saying, "Whom should I send? Who will go for us?" I said, "Here I am. Send me." Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
9 He said, "Go, tell this people: 'Keep hearing, but never understand; keep seeing, but never perceive.' Li te di: “Ale di pèp sa a: ‘Kontinye koute, men pa wè; kontinye gade, men pa konprann.’
10 Make the heart of this people calloused; make their ears dull and their eyes blind—so they will not see with their eyes, hear with their ears, understand with their hearts, and turn and be healed." Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”
11 Then I said, "How long, Lord Jesus?" He answered: "Until cities lie ruined and empty, houses without people, the land left utterly desolate, Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?” Li te reponn: “Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo, kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
12 "Until our Father has sent the people far away, and vast emptiness covers the land. epi SENYÈ a fin retire moun yo byen lwen e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
13 And though a tenth remains in it, it will be burned again—like a terebinth or an oak whose stump remains when it is felled. The holy seed is its stump." Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]