Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Let me sing now for the one I love a song of my beloved about his vineyard. My beloved had a vineyard on a very fertile hillside. Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li. Byeneme m nan te gen yon chan rezen sou yon kolin byen fètil.
2 He dug it and cleared it of stones and planted it with the choicest vines. He built a watchtower in the middle of it and also carved out a winepress in it. Then he waited for it to yield good grapes, but it yielded only wild ones. Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
3 "And now, you who live in Jerusalem and you people of Judah, judge between me and my vineyard. Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
4 What more was there to do for my vineyard that I have not done in it? Why, when I waited for it to yield good grapes, did it yield only wild ones? Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
5 And now let me tell you what I am about to do to my vineyard: I will take away its hedge, and it will be devoured; I will break down its wall, and it will be trampled. Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: Mwen va retire kloti li e li va brile; Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
6 I will make it a wasteland; it will not be pruned or hoed, and briers and thorns will grow up over it. And I will command the clouds to send no rain upon it." Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.
7 For the vineyard of the Father of heaven's armies is the house of Israel, and the people of Judah are his cherished planting. He looked for justice, but found only bloodshed; for righteousness, but heard only an outcry. Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.
8 Woe to those who add house to house and join field to field, until there is no room left and you live alone in the middle of the land. Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
9 With my own ears I heard the Father of heaven's armies swear: "Surely many houses will become desolate, great and beautiful ones left without anyone to live in them. Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: “Anverite, anpil kay va vin vid; menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
10 For ten acres of vineyard will yield only about six gallons of wine, and ten baskets of seed will yield only one basket of grain." Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
11 Woe to those who rise early in the morning to chase strong drink, who linger late into the evening till wine inflames them. Malè a sila ki leve granmaten yo pou yo ka kouri dèyè bwason fò, sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 At their feasts there are lyre and harp, tambourine and flute and wine, but they pay no regard to the deeds of our Father, and they do not see the work of his hands. Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; men yo pa okipe zèv SENYÈ yo, ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Therefore my people go into exile for lack of knowledge; their honored men are starved, and the common people are parched with thirst. Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo; epi mesye ki gen onè yo rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Therefore the grave has enlarged its appetite and opened its mouth wide, and down go her splendor and her crowds, her uproar and all who rejoice in her. Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
15 So mankind is humbled, and each person is brought low, and the proud eyes of the arrogant are cast down. Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; anplis, zye a ògeye a va vin febli nèt.
16 But the Father of heaven's armies is exalted in justice, and our holy Father shows himself holy in righteousness. Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.
17 Then lambs will graze as in their own pasture, and strangers will feed among the ruins of the rich. Konsa, jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
18 Woe to those who drag their wickedness along with cords of lies, and sin as with cart ropes, Malè a sila ki rale inikite ak kòd manti, e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
19 who say, "Let him hurry; let him speed his work, so we may see it. Let the plan of the Holy One of Israel draw near and come, so we may know it." Ka p di: “Kite Li fè vit, kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
20 Woe to those who call evil good and good evil, who call darkness light and light darkness, who call bitter sweet and sweet bitter. Malè a sila ki rele mal la bon, ak bon nan mal; sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, ak limyè a kon tenèb la; sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, e sa ki dous kon anmè.
21 Woe to those who are wise in their own eyes and clever in their own sight. Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo e ki sipoze ke yo byen koken yo!
22 Woe to those who are heroes at drinking wine and champions at mixing strong drink, Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 who acquit the guilty for a bribe and strip away the rights of the innocent. sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
24 Therefore, as a tongue of fire devours the stubble and dry grass shrivels in the flame, so their roots will rot and their blossom go up like dust; for they have rejected the instruction of the Father of heaven's armies, and despised the word of the Holy One of Israel. Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, konsa rasin yo va vin tankou pouriti, e flè yo va vannen ale tankou pousyè; paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
25 Therefore the anger of our Father burned against his people, and he stretched out his hand against them and struck them. The mountains quaked, and their corpses lay like garbage in the streets. For all this his anger has not turned away, and his hand is still stretched out. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
26 He will raise a signal for the nations far away and whistle for them from the ends of the earth, and swiftly, speedily they come. Konsa, Li va leve yon drapo a yon nasyon byen lwen e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
27 Not one of them is weary or stumbles, not one drowses or sleeps; not a belt is loosened at the waist, not a sandal strap is broken. Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; ni sentiwon nan senti li pa lage, menm bretèl sandal li pa janm kase.
28 Their arrows are sharpened and all their bows are drawn; their horses' hooves seem like flint and their wheels like a whirlwind. Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, e wou cha li yo tankou toubiyon.
29 Their roar is like a lion; they roar like young lions. They growl and seize the prey and carry it off, with no one to rescue the victims. Kri gwonde li tankou yon lyon e vwa li tankou jèn lyon; li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
30 On that day they will growl over it like the growling of the sea. And if anyone looks across the land, there is only darkness and distress; even the light is darkened by its clouds. Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]