Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But there will be no gloom for her that was in anguish. Earlier he humbled the land of Zebulun and Naphtali, but later he honored the way of the sea, beyond the Jordan, Galilee of the nations. Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
2 The people walking in darkness have seen a great light; on those who lived in a land of deep darkness, a light has shone. Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo;
3 You have multiplied the nation; you have increased its joy. They rejoice before you as with joy at the harvest, as men are glad when they divide the plunder. Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.
4 For the yoke of his burden, and the bar across his shoulder, the rod of his oppressor, you have shattered as on the day of Midian. Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.
5 For every boot of the trampling warrior in the din of battle, and every garment soaked in blood, will be burned as fuel for the fire. Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a.
6 For to us a child is born, to us a son is given; and the government will be upon his shoulder. And his name will be called Wonderful Counselor, Mighty God, Everlasting Father, Prince of Peace. Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
7 There will be no end to the increase of his government and peace, on the throne of David and over his kingdom, to establish it and to uphold it with justice and with righteousness from now on and forevermore. The zeal of the Father of heaven's armies will accomplish this. P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
8 The Sovereign Father has sent a word against Jacob, and it has fallen on Israel. SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob e li tonbe sou Israël.
9 And all the people will know it—Ephraim and the inhabitants of Samaria—who say with proud and arrogant hearts: Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:
10 "The bricks have fallen, but we will rebuild with cut stones; the sycamores have been cut down, but we will put cedars in their place." “Brik yo fin tonbe, men nou va rebati ak wòch taye; bwa sikomò yo fin koupe, men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
11 So our Father raises against them the adversaries of Rezin, and stirs up their enemies. Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo,
12 Aram from the east and the Philistines from the west have devoured Israel with open mouth. For all this his anger has not turned away, and his hand is still outstretched. Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.
13 Yet the people did not turn to the one who struck them, nor did they seek the Father of heaven's armies. Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.
14 So our Father cut off from Israel both head and tail, palm branch and reed, in a single day, Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël, ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15 the elder and the honored man are the head, and the prophet who teaches lies is the tail. Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16 For those who guide this people lead them astray, and those who are guided by them are swallowed up. Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
17 Therefore the Sovereign Father does not rejoice over their young men, and has no compassion on their orphans and their widows; for everyone is godless and an evildoer, and every mouth speaks foolishness. For all this his anger has not turned away, and his hand is still outstretched. Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.
18 For wickedness burns like a fire; it consumes briers and thorns; it kindles the thickets of the forest, and they roll upward in a column of smoke. Paske mechanste brile tankou dife; li manje ni pikan ni raje. Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.
19 Through the wrath of the Father of heaven's armies, the land is scorched, and the people have become like fuel for the fire; no one spares his brother. Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, e se pèp la ki se lwil pou dife a. Nanpwen moun ki eseye sove frè l.
20 They carve on the right, but are still hungry; they devour on the left, but are not satisfied; each devours the flesh of his own arm. Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.
21 Manasseh devours Ephraim, and Ephraim Manasseh, and together they are against Judah. For all this his anger has not turned away, and his hand is still outstretched. Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé e ansanm, yo kont Juda. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen e men Li toujou lonje.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]