Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Woe to those who enact unjust decrees, to the writers who issue oppressive laws, Malè a sila ki fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo,
2 to deprive the poor of justice and rob the needy among my people of their rights, making widows their plunder and orphans their prey. pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo.
3 What will you do on the day of reckoning, when devastation comes from afar? To whom will you flee for help? Where will you leave your wealth? Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
4 Nothing remains but to crouch among the captives or fall among the slain. Yet for all this his anger has not turned away; his hand is still stretched out. Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.
5 "Woe to Assyria, the rod of my anger, in whose hand is the club of my fury! Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an.
6 I send him against a godless nation; against the people of my wrath I command him, to seize spoil and carry off plunder, to trample them down like mud in the streets." Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.
7 But this is not what he intends; this is not what his heart plans. His purpose is to destroy, to cut off nation after nation. Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.
8 For he says, "Are not all my commanders kings? Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?
9 Is Calno not like Carchemish? Is Hamath not like Arpad? Is Samaria not like Damascus? Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas?
10 As my hand seized the kingdoms of the idols, whose carved images surpassed those of Jerusalem and Samaria, Menm jan men m te rive kote wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo,
11 will I not deal with Jerusalem and her images as I dealt with Samaria and her idols?" eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak zidòl pa li yo?”
12 When the Sovereign Father has finished all his work against Mount Zion and Jerusalem, I will punish the fruit of the king of Assyria's arrogant heart and the haughty pride of his eyes. Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.
13 For he says: "By the strength of my hand I have done this, and by my wisdom, for I have understanding. I removed the boundaries of peoples and plundered their treasures; I brought down those enthroned like a mighty one. Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo.
14 My hand reached into the wealth of the peoples as into a nest; as one gathers abandoned eggs, I gathered all the earth. Not one flapped a wing or opened its beak to chirp. Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.”
15 Does the axe exalt itself over the one who swings it? Does the saw boast against the one who wields it? As if a rod could brandish the one who lifts it, as if a staff could lift what is not wood!" Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.
16 Therefore the Sovereign Father, the Father of heaven's armies, will send a wasting disease among his sturdy warriors, and beneath his glory a fire will blaze like a burning flame. Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile.
17 The Light of Israel will become a fire, our Holy One a flame; in a single day it will burn and consume his thorns and briers. Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou.
18 The glory of his forest and his fertile field our Father will destroy, both soul and body; it will be as when a sick man wastes away. Epi Li va detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt.
19 The remaining trees of his forest will be so few that a child could count them. Epi rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo.
20 In that day the remnant of Israel and the survivors of the house of Jacob will no longer lean on the one who struck them, but will truly lean on our Father, the Holy One of Israel. Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.
21 A remnant will return—a remnant of Jacob—to the Mighty God. Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an.
22 Though your people Israel be like the sand of the sea, only a remnant will return. Destruction is decreed, overflowing with righteousness. Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive.
23 For the Sovereign Father, the Father of heaven's armies, will carry out the decreed destruction throughout the land. Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e SENYÈ dèzame yo va egzekite li.
24 Therefore the Sovereign Father, the Father of heaven's armies, says: "My people who live in Zion, do not be afraid of Assyria, who strikes you with the rod and lifts the staff against you as Egypt did. Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a.
25 For in a very little while my fury will end, and my anger will turn to their destruction." Paske nan yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.”
26 The Father of heaven's armies will brandish a whip against them, as when he struck Midian at the rock of Oreb; he will raise his staff over the sea as he did in Egypt. SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo jan Li te konn fè an Égypte la.
27 In that day their burden will be lifted from your shoulder, their yoke from your neck; the yoke will be broken. Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksonye.
28 He comes against Aiath, passes through Migron, stores his supplies at Michmash. Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li.
29 They cross the pass: "We will camp at Geba." Ramah trembles; Gibeah of Saul flees. Yo te pase nan lakoup lan epi te di: “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt.
30 Cry out, daughter of Gallim! Listen, Laishah! Poor Anathoth! Kriye fò ak vwa ou, fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth!
31 Madmenah is fleeing; the people of Gebim are taking cover. Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou.
32 This very day he stops at Nob, shaking his fist at the mount of the daughter of Zion, the hill of Jerusalem. Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan.
33 Look, the Sovereign Father, the Father of heaven's armies, will lop off the branches with terrifying force; the tallest trees will be felled, the lofty ones brought low. Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt.
34 He will cut down the forest thickets with an axe, and Lebanon will fall before the Majestic One. Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]