Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A shoot will come up from the stump of Jesse; from his roots a Branch will bear fruit. Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 The Spirit of our Father will rest on him—the Spirit of wisdom and understanding, the Spirit of counsel and might, the Spirit of knowledge and the fear of our Father, Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 and he will delight in the fear of our Father. He will not judge by what his eyes see, or decide by what his ears hear, Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4 but with righteousness he will judge the poor, and decide with equity for the meek of the earth. He will strike the earth with the rod of his mouth, and with the breath of his lips he will slay the wicked. men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5 Righteousness will be the belt around his waist, and faithfulness the sash around his hips. Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6 The wolf will live with the lamb, the leopard will lie down with the goat, the calf and the lion and the fattened beast together—and a little child will lead them. Lou a va demere ak jèn mouton an, leyopa va kouche ak jèn kabrit la, jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; epi yon tigason va mennen yo.
7 The cow and the bear will graze, their young will lie down together, and the lion will eat straw like the ox. Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la; pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8 The nursing child will play over the cobra's hole, and the weaned child will put his hand on the viper's den. Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a, e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9 They will not hurt or destroy on all my holy mountain, for the earth will be full of the knowledge of our Father as the waters cover the sea. Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè a.
10 In that day the root of Jesse will stand as a banner for the peoples; the nations will seek him, and his resting place will be glorious. Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
11 In that day the Sovereign Father will reach out his hand a second time to reclaim the remnant of his people who are left—from Assyria, from Egypt, from Pathros, from Cush, from Elam, from Shinar, from Hamath, and from the islands of the sea. Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.
12 He will raise a banner for the nations and gather the exiles of Israel; he will assemble the scattered people of Judah from the four corners of the earth. Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.
13 Ephraim's jealousy will vanish, and Judah's enemies will be cut off; Ephraim will not envy Judah, and Judah will not be hostile toward Ephraim. Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.
14 They will swoop down on the slopes of the Philistines to the west; together they will plunder the people of the east. They will seize Edom and Moab, and the Ammonites will be subject to them. Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.
15 Our Father will utterly destroy the arm of the Sea of Egypt; with a scorching wind he will sweep his hand over the Euphrates River. He will break it into seven streams so that people can cross over in sandals. Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.
16 There will be a highway for the remnant of his people still left in Assyria, as there was for Israel on the day they came up from the land of Egypt. Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]