Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ephesians 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Children, obey your parents in the Lord, for this is right. Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.
2 "Honor your father and mother" (this is the first commandment with a promise), Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;
3 "that it may go well with you and that you may live long in the land." pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Fathers, don't provoke your children to anger; raise them in the Lord's discipline and instruction. Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
5 Slaves, obey your earthly masters with respect and trembling, in sincerity of heart, as you would Christ. Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm,
6 Not only to please people while watched, but as Christ's slaves doing our Father's will from the heart, pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.
7 serving with goodwill, as to the Lord and not to people, Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm
8 knowing each will receive back from the Lord whatever good he does, slave or free. nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9 Masters, treat them the same—stop threatening—knowing your Master and theirs is in heaven, showing no favoritism. Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10 Finally, be strong in the Lord and in the strength of his might. Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.
11 Put on our Father's full armor, so you can stand against the devil's schemes. Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.
12 Our fight isn't against flesh and blood, but against the rulers and authorities, against the cosmic powers of this present darkness, and against evil spiritual forces in the heavenly realms. Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.
13 Put on our Father's full armor, then, so you can withstand in the evil day, and stand firm once you've done everything. Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
14 So stand, having fastened the belt of truth around your waist, and having put on the breastplate of righteousness, Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a.
15 and your feet fitted with the readiness that comes from the gospel of peace. Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,
16 In every situation, take up the shield of faith, able to put out all the flaming arrows of the evil one. e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
17 Take the helmet of salvation and the sword of the Spirit—the word of our Father. Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
18 Pray in the Spirit at all times, with every prayer and request. Stay alert to this with all perseverance, interceding for all the saints, Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
19 and for me—that words be given when I open my mouth, to boldly make known the gospel's mystery, Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,
20 for which I'm an ambassador in chains, to speak it boldly as I ought to speak. pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21 So you too may know my situation and what I'm doing, Tychicus, the beloved brother and trustworthy servant in the Lord, will tell you everything. Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.
22 I sent him to you for this reason: so you'll know how we are, and he may encourage your hearts. Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab rekonfòte kè nou.
23 Peace and faith-filled love to the brothers and sisters, from our Father and the Lord Jesus Christ. Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.
24 Grace be with all who love our Lord Jesus Christ with undying love. Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]