Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ephesians 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Therefore be imitators of our Father, as beloved children. Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme.
2 Walk in love, as Christ loved us and handed himself over for us, a fragrant offering and sacrifice to our Father. Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Sexual immorality, all impurity, or greed must not even be named among you, as fits saints. Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.
4 Filthiness, foolish talk, and crude joking have no place among you—give thanks instead. Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Know this: no sexually immoral, impure, or greedy person—an idolater—has any inheritance in the kingdom of Christ and our Father. Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 Let no one deceive you with empty words - because of these things our Father's wrath comes on those who disobey. Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.
7 Therefore do not become partners with them; Konsa, pa vin yon pati ak yo.
8 for you were once darkness, but now you are light in the Lord—live as children of light. Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè.
9 (for the fruit of light is found in all that is good and right and true), Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite,
10 and try to discern what is pleasing to the Lord. ki fè prev de sa k ap fè Senyè a plezi.
11 Don't share in the fruitless works of darkness, but expose them. Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.
12 For it is shameful even to speak of the things that they do in secret. Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.
13 But when anything is exposed by the light, it becomes visible, Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè.
14 for anything that becomes visible is light. So it says: "Wake up, sleeper, and rise from the dead, and Christ will shine on you." Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”
15 Look carefully then how you walk, not as unwise but as wise, Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.
16 making the best use of the time, because the days are evil. Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.
17 Therefore do not be foolish, but understand what the will of the Lord is. Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
18 Don't get drunk on wine—that's reckless living—but be filled with the Holy Spirit. Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.
19 Speak psalms and hymns and spiritual songs to each other, singing and making melody to the Lord in your heart, Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.
20 giving thanks always and for everything to our Father in the name of our Lord Jesus Christ, Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
21 submitting to one another out of reverence for Christ. avèk sumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
22 Wives, submit to your own husbands as to the Lord. Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a.
23 For the husband is head of the wife, as Christ also is head of the church, his body, and is himself its Savior. Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a.
24 Now as the church submits to Christ, so also wives should submit in everything to their husbands. Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 Husbands, love your wives, as Christ loved the church and gave himself up for her, Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,
26 to make her holy, washing her clean with water through the word, pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la.
27 so he could present the church to himself glorious—no stain, wrinkle, or anything like that—but holy and flawless. Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
28 So husbands should love their wives as their own bodies. Loving his wife, he loves himself. Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li.
29 No one has ever hated their own body—they feed and tend to it, as Christ does the church, Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.
30 because we are members of his body. Paske nou se manm a kò Li.
31 "For this reason a man leaves his father and mother, joins his wife, and the two become one flesh." “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.”
32 This mystery is profound, and I am saying that it refers to Christ and the church. Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la.
33 But each of you must love his wife as himself, and the wife must respect her husband. Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]