Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ephesians 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So I, prisoner in the Lord, urge you: walk worthy of the calling you were called with, Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,
2 with all humility and gentleness, with patience, bearing with one another in love, avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou,
3 eager to maintain the unity of the Spirit in the bond of peace. nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.
4 One body, one Spirit, just as you were called to one hope that comes with your calling. Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;
5 One Lord, one faith, one baptism, yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm,
6 one Father of all, who is over all and through all and in all. yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.
7 But to each one of us grace was given according to the measure of Christ's gift. Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.
8 So it says, "Ascending on high, he took captives captive and gave gifts to people." Konsa sa ekri: “Lè Li te monte anlè, Li te mennen kon kaptif, kaptivite a menm, e Li te bay don a lèzòm.”
9 Now "he ascended"—what does that mean, except that he also descended to the lower parts, the earth? Alò, fraz sila a, “Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a?
10 The one who descended is the same who ascended far above all the heavens, so he might fill all things. Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab akonpli tout bagay.
11 And he gave the apostles, the prophets, the evangelists, the pastors and teachers, Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,
12 to equip the saints for the work of ministry, for building up the body of Christ, pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la,
13 until we all reach unity in the faith and knowledge of the Son of our Father, into a mature adult, to the full measure of Christ's stature and fullness. jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la.
14 So we're no longer infants, tossed by waves and carried by every wind of teaching, by human trickery, by cunning scheming to deceive. Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;
15 Instead, speaking the truth in love, let us grow up in every way into him who is the head, Christ. men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm.
16 From whom the whole body, joined and held together by every supporting ligament, grows as each part works properly, so the body builds itself up in love. Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
17 So I say this, and testify in the Lord: no longer live like the Gentiles, in the emptiness of their thinking. Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo,
18 Darkened in their understanding, estranged from our Father's life through the ignorance in them and their hardened hearts. avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di.
19 Having lost all feeling, they gave themselves to indulging bodily desire, greedily practicing every impurity. Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras.
20 But that is not the way you learned Christ, Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a,
21 if indeed you heard about him and were taught in him, as truth is in Jesus, si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.
22 to take off your old self, tied to your former way of life and corrupted by deceitful desires, Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo,
23 and to be renewed in the spirit of your minds, epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou,
24 and to put on the new self, created like our Father in true righteousness and holiness. pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 So put away lying—each one of you speak truth with his neighbor, for we are members of one another. Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
26 Be angry and do not sin; do not let the sun go down on your anger, “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,
27 and give no opportunity to the devil. epi pa bay Dyab la opòtinite.
28 The thief must quit stealing; instead, work hard with his own hands doing good, so he has something to share with the needy. Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
29 Let no rotten word leave your mouth, only what helps others grow, fitting the moment, so it gives grace to hearers. Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
30 Do not grieve the Holy Spirit of our Father, who sealed you for the day of redemption. Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an.
31 Rid yourselves of all bitterness, rage, anger, shouting, and slander, together with all malice. Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
32 Be kind to one another, tenderhearted, forgiving one another, just as our Father forgave you through Christ. Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]