Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Philippians 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul and Timothy, servants of Christ Jesus, to all the holy ones in Christ Jesus at Philippi, with the overseers and deacons: Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:
2 Grace to you and peace from our Father and the Lord Jesus Christ. Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.
3 I thank my Father every time I remember you, Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou.
4 always praying for all of you with joy in every prayer, Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout,
5 because of your partnership in the gospel from the first day until now. akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a.
6 I'm confident of this very thing: the one who began a good work in you will complete it until the day of Christ Jesus. Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
7 I'm right to feel this about you—I hold you in my heart, all of you sharing with me in grace, in my chains and in defending and confirming the gospel. Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.
8 For our Father is my witness, how I long for you all with Christ Jesus's deep affection. Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
9 This is my prayer: that your love overflow more and more, with knowledge and all discernment, Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.
10 so you can discern what is best, staying pure and blameless until the day of Christ. Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
11 Filled with the fruit of righteousness through Jesus Christ, to our Father's glory and praise. Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
12 I want you to know, brothers and sisters, that my circumstances have actually advanced the gospel, Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la.
13 so my chains for Christ became known to the whole imperial guard and everyone else. Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo.
14 Most of the brothers and sisters, made confident in the Lord by my chains, now dare more to speak the word fearlessly. Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.
15 Some, it is true, preach Christ out of envy and rivalry, but others out of goodwill. Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite.
16 These act from love, knowing I'm assigned to defend the gospel. Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la.
17 The others proclaim Christ out of selfish ambition, not sincerely, thinking to stir up trouble for me in my chains. Premye sa yo pwoklame Kris avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.
18 What then? Only that in every way—whether in pretense or truth—Christ is proclaimed, and I rejoice in this. Yes, I will keep rejoicing. Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen.
19 For I know this will result in my rescue, through your prayers and the help of Jesus Christ's Spirit. Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.
20 My eager expectation and hope: I will never be ashamed, but with full courage, now as always, Christ will be praised in my body, whether by life or by death. Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.
21 For to me, to live is Christ, and to die is gain. Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.
22 If I am to go on living in the body, this will mean fruitful work for me. Yet I don't know which to choose. Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito.
23 Torn between the two, I want to leave and be with Christ—far better, Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,
24 but to remain in the body is more necessary for your sake. men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm.
25 Convinced of this, I know I'll remain and stay with you all, for your progress and joy in the faith, Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa.
26 so your boasting in Christ Jesus may overflow because of me, when I come to you again. Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.
27 Just live worthy of the gospel of Christ, so that whether I come and see you, or am absent, I hear you stand firm in one spirit, contending together with one mind for the gospel's faith, Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,
28 and not scared of your opponents at all—proof to them of their destruction, but of your salvation, and that from our Father. san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.
29 For it has been graciously granted to you, for Christ's sake, not only to believe in him but also to suffer for him, Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.
30 going through the same struggle you saw me face, and now hear that I still face. Konsa nou ap pase menm konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]