Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Philippians 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So if any encouragement in Christ, any comfort from love, any deep communion in the Holy Spirit, any tenderness and compassion exist, Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,
2 complete my joy: think alike, love alike, unite in spirit, one in purpose. fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.
3 Do nothing out of selfish ambition or empty conceit, but in humility consider others better than yourselves. Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.
4 Each of you should attend not only to your own interests, but also to others'. Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 Have this mindset among yourselves—one that is yours in Christ Jesus, Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a
6 who, existing in the form of our Father, did not consider equality with our Father something to be grasped, ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,
7 but emptied himself by taking on the form of a servant and being born in human likeness. men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm.
8 And appearing as a human being, he humbled himself by becoming obedient to death—even death on a cross. Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.
9 Therefore our Father exalted him to the highest place and gave him the name that is above every name, Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,
10 so that at the name of Jesus every knee should bow, in heaven and on earth and under the earth, pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo
11 and every tongue confess that Jesus Christ is Lord, to the glory of our Father. epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12 So, my dear ones, as you've always obeyed—not only in my presence but now much more in my absence—keep working out your salvation with fear and trembling, Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman.
13 for our Father works in you, giving both the will and the work for his good purpose. Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Do everything without grumbling or arguing, Fè tout bagay san plenyen ni diskite.
15 so you may be blameless and pure, faultless children of our Father amid a crooked and depraved generation—shining among them like stars in the world, Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,
16 holding firmly to the word of life, so I can boast on Christ's day that I didn't run or work for nothing. k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
17 But even if I'm poured out as a drink offering on the sacrifice and service of your faith, I'm glad and rejoice with you all. Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18 So you too should be glad and rejoice with me. Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19 I hope, in the Lord Jesus, to send Timothy to you soon, so I too may be encouraged, knowing how you are. Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye.
20 I have no one else like him, who will genuinely care for your welfare. Paske m pa gen okenn lòt moun ak yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.
21 For they all look after their own interests, not those of Jesus Christ. Paske yo tout chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.
22 You know Timothy's proven worth—like a son with a father, he served with me in the gospel work. Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.
23 So I hope to send him as soon as I see how things go with me, Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen.
24 and I am confident in the Lord that I myself will come soon. Men mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25 I thought it necessary to send Epaphroditus back to you—my brother, coworker, and fellow soldier, your messenger and servant for my needs. Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.
26 He has longed for you all, and is troubled that you heard he was sick. Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.
27 Indeed he was sick, and nearly died. But our Father had mercy on him—not only him but me too, sparing me sorrow upon sorrow. Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.
28 So I'm more eager to send him, so seeing him again you'll rejoice and I'll worry less. Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.
29 Welcome him in the Lord with all joy, and honor people like him, Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e kenbe an wo estim moun tankou li,
30 because he neared death for Christ's work, risking his life to make up your missing help to me. paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]