Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Observe the month of Abib and keep Passover to your Father, for in the month of Abib your Father brought you out of Egypt by night. “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.
2 Sacrifice the Passover to your Father from flock and herd, at the place your Father chooses to settle his name there. Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an.
3 Eat no leavened bread with it. For seven days eat unleavened bread with it—the bread of affliction—because you left the land of Egypt in haste, so you remember the day you left the land of Egypt as long as you live. “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la.
4 Let no yeast be found in all your territory for seven days; none of the meat you sacrifice on the evening of the first day may remain until morning. Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout teritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten.
5 You may not sacrifice the Passover within any of your towns that your Father is giving you, “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo,
6 but at the place your Father will choose to make his name dwell, sacrifice the Passover there—in the evening, at sunset, the time you left Egypt. men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la.
7 Cook it and eat it where your Father chooses, then turn in the morning and go to your tents. Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo.
8 Eat bread without yeast six more days; on the seventh day, gather in solemn assembly to your Father—do no work. Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.
9 Count seven weeks for yourself; begin counting seven weeks from when the sickle first enters the standing grain. “Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.
10 Keep the Feast of Weeks to your Father: a voluntary offering from your hand, proportioned to your Father's blessing. Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou.
11 You are to rejoice before your Father—you, your son, your daughter, your male and female servants, the Levite in your towns, the foreigner, the fatherless, and the widow among you—at the place your Father chooses to settle his name there. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.
12 Remember you were a slave in Egypt, and carefully keep these statutes. Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.
13 Celebrate the Feast of Booths seven days, when you gather in from your threshing floor and your winepress. “Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an.
14 Rejoice at your feast—you, your son, your daughter, your male servant, your female servant, the Levite, the foreigner, the fatherless, and the widow in your towns. Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo.
15 Keep the feast to your Father seven days, at the place he chooses, because he will bless you in all your produce and all your hands' work—so that you will be altogether joyful. Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.
16 Three times a year all your men are to appear before your Father at the place he chooses: the Feast of Unleavened Bread, the Feast of Weeks, and the Feast of Booths. And they are not to appear before him empty-handed. “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.
17 Each man gives according to his hand's gift, according to the blessing your Father gave you. Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an.
18 Appoint judges and officers in every town your Father gives you, tribe by tribe, to judge the people with just judgment. “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.
19 Do not twist justice, do not show favoritism, do not take a bribe—for a bribe blinds the eyes of the wise and twists the words of the righteous. Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.
20 Pursue justice, only justice, so you may live and possess the land your Father gives you. Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an.
21 Do not plant for yourself any tree as an Asherah beside the altar of your Father that you build. “Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou.
22 And you shall not set up for yourself a sacred pillar, which your Father hates. Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]