Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Do not sacrifice to your Father an ox or sheep with any defect or serious flaw; that is detestable to your Father. “Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
2 If a man or woman is found among you, in any town your Father gives you, doing evil in your Father's eyes by breaking his covenant, “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a,
3 and served other gods, bowing to them—the sun, moon, or any of heaven's host—which I did not command, epi te ale sèvi lòt dye yo pou adore yo, kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande,
4 and you are told of it and hear it, investigate carefully. If it is true, the matter certain, that this detestable thing was done in Israel, epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vrè, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël,
5 then bring out to your gates that man or woman who did this evil thing—that man or woman—and stone them to death. alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
6 On the word of two witnesses or three, the condemned must die; he must not die on one witness's word. “Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
7 The witnesses' hand must be on him first to kill him, then the hand of all the people. So you remove the evil from among you. Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.
8 If a case is too hard for you to judge—between bloodshed and bloodshed, claim and claim, assault and assault, disputes in your towns—go up to the place your Father will choose. “Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
9 Go to the Levitical priests and the judge serving then; ask, and they will tell you the verdict. “Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a.
10 Act on what they tell you from the place our Father chooses; be careful to do all they teach you. Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou.
11 Follow the instruction they teach and the ruling they give you; don't turn from the word they declare, right or left. Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch.
12 Anyone who acts arrogantly, refusing to listen to the priest standing to serve there before your Father, or to the judge, must die. You must purge the evil from Israel. “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël.
13 And all the people will hear and be afraid, and act arrogantly no longer. Epi tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò.
14 When you enter the land your Father is giving you, possess it, settle there, and say, "Let me set a king over me, like all the nations around me," “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’.
15 you may indeed set over you the king your Father chooses; set over you a king from among your brothers. You may not put a foreigner over you, who is not your brother. Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.
16 He must not acquire many horses for himself, or send the people back to Egypt for more, since our Father told you, "Never go back that way." Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’
17 He must not take many wives, or his heart will turn away; nor amass much silver and gold for himself. Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
18 When he sits on his royal throne, he must write himself a copy of this law on a scroll, before the levitical priests. “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo.
19 It must stay with him, and he must read from it all his life, so he learns to fear his Father, keeping all the words of this law and these decrees, doing them, Li va rete avèk li, e li va li li pandan tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo;
20 so his heart won't rise above his brothers, and he won't turn from the command right or left, so he and his children reign long over his kingdom in Israel. e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]