Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Levite priests—the whole tribe of Levi—get no portion or inheritance with Israel; they eat the food offerings to our Father—his inheritance. “Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li.
2 They are to have no inheritance among their brothers; our Father is their inheritance, as he promised them. Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.
3 This is the priests' right from the people: those sacrificing an ox or sheep must give the priest the shoulder, both cheeks, and the stomach. “Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan.
4 Give him the first of your grain, new wine, and oil, and the first fleece of your sheep. Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo.
5 For your Father chose him from all your tribes to stand and serve in the name of our Father, him and his sons, always. Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
6 If a Levite leaves any of your towns in Israel where he lives and comes whenever he desires to the place our Father will choose, “Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a,
7 then he may serve in our Father's name, like all his fellow Levites who stand there before our Father. alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a.
8 He is to eat equal portions, besides what he receives from the sale of his family possessions. Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
9 When you enter the land your Father is giving you, don't learn to imitate those nations' detestable practices. “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo.
10 No one among you may sacrifice his son or daughter in the fire, practice divination, tell fortunes, read omens, or cast spells, Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga,
11 a caster of spells, a medium, a spiritist, or one who consults the dead. ni youn pami nou ki fè cham, k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte.
12 For whoever does these things is detestable to our Father; because of these detestable practices, your Father is driving them out before you. Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13 You are to be blameless before your Father. “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 As for these nations you will dispossess—they listen to fortune-tellers and diviners. Your Father has not permitted this to you. “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa.
15 Your Father will raise up a prophet like me for you, from among you, from your brothers—listen to him. SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li.
16 This is what you asked of your Father at Horeb on the day of the assembly: "Let me not hear our Father's voice again, nor see this great fire anymore, or I will die." Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
17 And our Father said to me, "They are right in what they have spoken. “SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
18 I will raise up a prophet like you for them, from among their brothers. I'll put my words in his mouth; he will tell them all I command him. “‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li.
19 Whoever doesn't listen to my words he speaks in my name—I myself will hold him accountable. Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm.
20 But the prophet who dares speak in my name a word I did not command, or speaks in the name of other gods—that prophet must die." Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
21 And if you say in your heart, "How can we know the word our Father hasn't spoken?" “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’
22 When a prophet speaks in our Father's name and the word doesn't happen or come true, our Father didn't speak it—the prophet spoke in arrogance. Don't fear him. Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vrè, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]