Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When your Father cuts off the nations whose land your Father gives you, and you drive them out, settling in their cities and houses, “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo,
2 set apart three cities in the land your Father is giving you to possess. “Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a.
3 Prepare roads and divide into three the land your Father gives you to inherit, so whoever kills someone can flee there. Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati teritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.
4 This is the case of the killer who flees there to live: one who strikes his neighbor unintentionally, without prior hatred, “Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——
5 as when a man goes to the forest with his neighbor to cut wood, his hand swings the axe to fell a tree, the iron head slips off the handle and strikes his neighbor dead—he may flee to one of these cities and live. tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv.
6 Otherwise the avenger of blood, burning with anger, might chase the killer down the long road, overtake, and kill him, though he didn't deserve death, having not hated his neighbor before. Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.
7 Therefore I command you: set apart three cities for yourself. Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
8 If your Father enlarges your territory, as he swore to your ancestors, giving you all the land he promised them. “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè teritwa nou an vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo;
9 If you carefully keep all this command I give you today—love your Father and always walk in his ways—add three more cities to these three, epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm.
10 so innocent blood isn't shed in the land your Father gives you as inheritance, and no bloodguilt falls on you. Jis pou san inosan pa vèse nan mitan teritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou koupabilite san an pa vin rete sou nou.
11 But if a man hates his neighbor, ambushes, attacks, and strikes him dead, then flees to one of these cities, “Men si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo,
12 his city's elders will send, bring him back, and hand him to the blood-avenger to die. alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri.
13 Show him no pity; purge the guilt of innocent blood from Israel, so it goes well with you. Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
14 Do not move your neighbor's boundary marker, set by earlier generations, in the inheritance you inherit in the land your Father gives you to possess. “Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.
15 One witness can't convict anyone of any sin or wrongdoing, whatever the offense. A matter stands only on the testimony of two or three witnesses. “Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.
16 If a malicious witness comes forward against someone to accuse him of wrongdoing, “Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè,
17 both men in the dispute must stand before your Father, before the priests and judges serving in those days. alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
18 The judges must investigate thoroughly. If the witness is false, testifying falsely against his brother, “Jij yo va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l,
19 do to him what he planned for his brother; purge the evil from among you. alò, nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an.
20 The rest will hear and be afraid, and never again do such an evil thing among you. Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou.
21 Don't pity: life for life, eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot. Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]