Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When you go to war against your enemies and see horses, chariots, and an army larger than yours, do not fear them, for your Father is with you—the one who brought you up from the land of Egypt. “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.
2 When you are about to go into battle, the priest is to come forward and speak to the people. Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la.
3 He is to tell them, "Hear, Israel: today you go to battle against your enemies. Do not lose heart, do not fear, do not panic, do not be terrified of them, Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo,
4 for your Father goes with you, to fight your enemies for you and give you victory." paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
5 Then the officers will tell the people: "Has anyone built a new house but not dedicated it? Let him go home, or he may die in battle and another dedicate it. “Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann.
6 Has anyone planted a vineyard but not yet enjoyed its fruit? Let him go home, or he may die in battle and another enjoy it. Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a.
7 Has anyone become engaged to a woman but not married her? He may go home, or he might die in battle and another man marry her." Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’
8 The officers are to say further to the people, "Is there anyone who is afraid and has lost his nerve? He may go home, so his brothers' hearts do not melt like his own." “Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’
9 When the officers finish speaking to the people, they will appoint army commanders to lead them. Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.
10 When you draw near to a city to fight against it, offer it peace. “Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè.
11 If it answers you peaceably and opens to you, all its people will serve you as forced laborers. Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni fòs travay kòve nou, e va sèvi nou.
12 But if it refuses peace and makes war on you, then lay siege to it. Men si li pa fè lapè avèk nou, men fè lagè kont nou, alò, nou va fè syèj kont li.
13 When your Father hands it over to you, put all its males to the sword. “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, livre li nan men nou, nou va frape tout mesye yo avèk lam nepe.
14 But the women, children, livestock, and all else in the city—all its spoil—you may plunder for yourselves, and enjoy the spoil of your enemies, which your Father has given you. Sèlman fanm avèk pitit avèk bèt avèk tout piyaj la, nou va pran kòm byen ki sezi pou kont nou. Nou gen dwa sèvi piyaj lènmi nou yo ke SENYÈ a te bannou.
15 Treat every city far away, not among these nations' cities, this way. “Konsa, nou va fè a tout vil ki lwen nou yo, ki pa pati nan vil a nasyon ki toupre yo.
16 But in the cities of these peoples your Father gives you as an inheritance, leave alive nothing that breathes. “Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire.
17 Rather, devote them to complete destruction—the Hittites, Amorites, Canaanites, Perizzites, Hivites, and Jebusites—as your Father has commanded you, Nou va detwi yo nèt; Etyen yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an,
18 so they won't teach you to imitate all the detestable things they do for their gods, making you sin against your Father. jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.
19 When you besiege a city a long time, waging war to capture it, do not destroy its trees by swinging an axe against them. You may eat from them, but do not cut them down. For the trees of the field are not human, that they should be treated as your enemy. “Lè nou fè syèj yon vil pandan anpil tan, pou fè lagè kont li pou nou kapab pran li an kaptivite, nou pa pou detwi pyebwa li yo nan voye rach sou yo; pou nou kapab manje nan yo, e nou pa pou koupe yo. Paske èske pyebwa chan an se yon moun, ke nou ta dwe fè syèj ladann?
20 You may cut down only trees you know are not for food, so that you may build siege works against the city at war with you until it falls. Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]