Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 If a slain man is found lying in the field in the land your Father gives you to possess, and no one knows who killed him, “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li,
2 then your elders and judges must go out and measure to the towns around the body. alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.
3 The elders of the city nearest the body must take a heifer never worked, never yoked, “Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj.
4 and that town's elders must bring the heifer down to a valley with running water, never plowed or sown, and break its neck there in the valley. Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
5 The priests, Levi's sons, must come forward, for your Father chose them to serve him and bless in the name of our Father; by their word every dispute and every assault is settled. “Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo.
6 All the elders of that city nearest the body must wash their hands over the broken-necked heifer in the valley, Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a.
7 and they must declare, "Our hands did not shed this blood, nor did our eyes see it. Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li.
8 Atone for your people Israel, our Father, whom you redeemed; don't place innocent blood among your people Israel. Then the blood will be atoned for them." Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone.
9 So you will purge the guilt of innocent blood from among you, when you do what is right in the eyes of our Father. Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
10 When you march out against your enemies and our Father hands them to you and you take captives, “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite,
11 and among the captives you see a beautiful woman, desire her, and want to take her as your wife, epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm,
12 then bring her into your home, and she must shave her head and cut her nails. alò, nou va mennen li lakay nou. Li va pase razwa sou tèt li, e taye zong li.
13 Have her take off her captive's clothes, stay in your house, mourn her father and mother a full month. Then you may go to her as husband, and she becomes your wife. Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou.
14 If you no longer want her, let her go where she wishes. Do not sell her for silver or treat her as a slave, since you humiliated her. Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te imilye li.
15 If a man has two wives, one loved, one unloved, and both bear him sons, but the firstborn is the unloved wife's, “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an,
16 when he wills his estate to his sons, he may not make the loved wife's son firstborn over the unloved wife's son, the real firstborn. epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a.
17 Instead he must recognize as firstborn the son of his unloved wife, giving him a double share of all he has; for he is the first of his strength—the birthright is his. Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. A li devni dwa a premye ne a.
18 If a man has a stubborn, rebellious son who won't obey his father or mother, and won't listen when they discipline him, “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo,
19 then his father and mother must take hold of him and bring him to the elders at his city's gate, alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a.
20 and tell his city's elders, "This son of ours is stubborn and rebellious; he won't listen to us—a glutton and a drunk." Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’
21 All his city's men must stone him to death. Clear the evil out from among you, and all Israel will hear and be afraid. Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
22 If a man's sin deserves death and he is executed, and you hang him on a tree, “Si yon nonm te fè yon peche ki merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa,
23 don't leave his body on the tree overnight; bury him that day, for anyone hung on a tree is under our Father's curse. Don't make your land unclean, the land your Father gives you to inherit. kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]