Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Don't see your brother's ox or sheep wandering off and ignore them; be sure to return them to your brother. “Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an.
2 If your brother isn't nearby, or you don't know him, bring it home and keep it until he asks for it, then return it to him. Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm.
3 Do the same for his donkey, the same for his garment, the same for anything your brother loses and you find; you must not ignore it. Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo.
4 You must not see your brother's donkey or ox collapsed on the road and ignore them; be sure to help him get it up. “Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo.
5 A woman must not wear men's clothing, nor a man a woman's, for whoever does these things is detestable to your Father. “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an.
6 If you come upon a bird's nest on the way, in any tree or on the ground, with chicks or eggs, and the mother sitting on the chicks or the eggs, do not take the mother with the young. “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo.
7 You must send the mother away, but take the young for yourself, so it goes well for you and your days are long. Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou.
8 When you build a new house, put a railing on the roof, so your house doesn't bear bloodguilt if someone falls from it. “Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.
9 Don't plant your vineyard with mixed seed, or the entire yield—the seed sown and the vineyard's fruit—will be forfeited. “Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate.
10 You must not plow with an ox and a donkey yoked together. “Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm.
11 You must not wear cloth of wool and linen woven together. “Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm.
12 Put tassels on the four corners of the cloak you wear. Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo.
13 If a man marries a woman, and after sleeping with her he comes to hate her, “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li
14 and charges her with shameful behavior, giving her a bad name, saying, "I took this woman, but when I approached her I found no proof of her virginity," pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’
15 then the young woman's father and mother is to take and bring out evidence of her virginity to the city elders at the gate. alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la.
16 The young woman's father will tell the elders, "I gave my daughter to this man as a wife, and he hates her. Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li.
17 Now he has charged her with shameful conduct, saying, 'I found no proof of your daughter's virginity.' But here is the proof of my daughter's virginity.' They are to spread the cloth before the elders of the city." Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.
18 Then the elders of that city is to take the man and discipline him, Konsa, ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman.
19 and they are to fine him about a year's wages in silver and give it to the young woman's father, because he has given a bad name to a virgin of Israel. She is to remain his wife; he may not divorce her as long as he lives. Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo.
20 But if the charge is true, and no evidence of the young woman's virginity is found, “Men si akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj,
21 they must bring the young woman to her father's house entrance, and the men of her city will stone her to death for doing a disgraceful thing in Israel—being promiscuous in her father's house. Remove the evil from among you. alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
22 If a man is found lying with someone else's wife, both must die—the man who lay with her, and the woman. Remove the evil from Israel. “Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël.
23 If a young woman, a virgin engaged to a man, and another man finds her in the city and sleeps with her, “Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li,
24 bring both to that city's gate and stone them to death: the young woman, because she didn't scream for help in the city; the man, because he violated his neighbor's wife. Purge the evil from among you. alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.
25 But if the man finds the engaged young woman in a field, seizes her, and lies with her, he alone dies. “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri.
26 Do nothing to the young woman; she has no death-worthy sin. This case is like a man attacking his neighbor and killing him: Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye.
27 for he found her in the field; the engaged young woman cried out, but no one rescued her. Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l.
28 If a man finds an unpledged young virgin, seizes her, lies with her, and they are found out, “Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri ,
29 the man who slept with her must give the young woman's father about half a year's wages in silver; she becomes his wife because he violated her, and he may not divorce her his whole life. alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.
30 A man must not marry his father's wife; he must not dishonor his father's marriage bed. Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]