Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 At the end of every seven years you are to grant a release of debts. “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo.
2 This is the release: every creditor cancels the loan to his neighbor. He must not collect from his neighbor or brother, because your Father has proclaimed a release. Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
3 You may require payment from a foreigner, but release your brother from what he owes you. “A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou.
4 Yet there need be no poor among you, for your Father will surely bless you in the land your Father gives you to possess as an inheritance. Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede)
5 Only if you truly listen to your Father's voice, carefully keeping this whole command I give you today. si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a.
6 For your Father will bless you as he promised you. You will lend to many nations, borrow from none; rule over many nations, none will rule you. “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou.
7 If one of your brothers is poor in any town in the land your Father is giving you, do not harden your heart or shut your hand against your poor brother. “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.
8 Rather, open your hand wide to him and freely lend him enough for whatever he needs. Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
9 Be careful not to let a wicked thought fill your heart—'The seventh year, the release year, is near'—turning your eye evil against your poor brother, giving him nothing. He'll cry out to your Father against you, and you'll bear the sin. “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.
10 Give to him generously, and do not let your heart be grieved when you give to him, because of this your Father will bless you in all your work, everything your hand attempts. Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
11 Since the poor will never leave the land, I command you: open your hand wide to your brother, poor and needy, in your land. “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’
12 If your brother, a Hebrew man or woman, is sold to you and serves you six years, in the seventh year send him away free from you. “Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète.
13 And when you set him free, you shall not send him away empty-handed. Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid.
14 Supply him freely from your flock, threshing floor, and winepress, as your Father has blessed you. Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
15 Remember you were a slave in the land of Egypt; your Father redeemed you—that's why I command you this today. Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.
16 But if he says to you, 'I won't leave you,' because he loves you and your household, thriving with you, “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou;
17 then take an awl and pierce it through his ear into the door; he becomes your servant forever. Do the same for your female servant. alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo.
18 Don't think it hard to free him—his six years were worth double a hired hand's wages. Your Father will bless you in all you do. Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.
19 Dedicate every firstborn male of your herd and flock to your Father. Don't work the herd's firstborn or shear the flock's firstborn. “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.
20 Each year you and your household will eat it before your Father where your Father chooses. Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a.
21 But if it has a defect, lame or blind, any serious flaw, don't sacrifice it to your Father. “Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an.
22 Eat it in your towns, unclean and clean together, like gazelle or deer. Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou yon kabrit mawon oswa yon sèf.
23 Only you must not eat its blood; pour it out on the ground like water. Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]