Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 You are children of your Father—don't cut yourselves or shave your forehead bald for the dead. “Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.
2 For you are a holy people, belonging to your Father—your Father chose you to be his treasured possession out of all the peoples on the face of the earth. Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
3 You shall not eat anything detestable. “Nou pa pou manje okenn bagay abominab.
4 These are the animals you may eat: the ox, the sheep, and the goat, Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit,
5 deer, gazelle, roe deer, wild goat, ibex, antelope, and mountain sheep. Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn.
6 You may eat any animal that has a completely divided hoof and that chews the cud. Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
7 But among those that chew the cud or have a split hoof, you may not eat the camel, the hare, or the rock badger—they chew the cud but their hoof isn't split; they are unclean for you. “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou.
8 The pig has a split hoof but doesn't chew the cud, so it is unclean for you. Don't eat their meat or touch their carcasses. Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
9 Of all that live in the water, you may eat anything that has fins and scales. “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal,
10 But anything without fins and scales you must not eat—it is unclean for you. men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
11 You may eat any clean bird. “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
12 But these are the ones you shall not eat: the eagle, the vulture, the black vulture, Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè,
13 the kite, the falcon, the buzzard of any kind, milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo,
14 every raven of any kind, kòbo ak tout kalite parèy yo,
15 the ostrich, the nighthawk, the seagull, the hawk of any kind, otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo,
16 the little owl, the great owl, the white owl, koukou, frize, gwo kana mawon blan,
17 the desert owl, the scavenger bird, the cormorant, grangozye, plonjon, chwèt,
18 the stork, the heron of any kind, the hoopoe, and the bat. sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
19 All winged insects are unclean for you; do not eat them. “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje.
20 But any clean winged creature you may eat. Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
21 Do not eat anything that died on its own. You may give it to the stranger in your towns to eat, or sell it to a foreigner—you are a holy people to your Father. Do not boil a young goat in its mother's milk. “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
22 Bring the tenth of all your field's yearly produce, without fail. “Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.
23 Eat before your Father, in the place he chooses to make his name live there: the tenth of your grain, new wine, and oil, and the firstborn of your herd and flock—so you learn to always revere your Father. Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
24 But if the journey is too long for you to carry the tenth—since the place your Father chooses for his name is too far from you—once your Father has blessed you, “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou,
25 turn it into money, carry it with you, and go to the place your Father will choose. alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
26 Spend the money on whatever you crave—cattle, sheep, wine, or strong drink, whatever you desire—eat there before your Father, rejoice, you and your household. Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou.
27 Do not abandon the Levite in your towns, since he has no portion or inheritance with you. Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
28 At the end of every three years, bring out the full tenth of that year's produce and store it in your towns. “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an.
29 The Levite—since he has no portion or inheritance with you—and the foreigner, orphan, and widow in your towns are to come, eat, and be satisfied, so that your Father may bless you in all your hands' work. Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]