Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 If a prophet or dreamer of dreams arises among you and gives you a sign or wonder, “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy,
2 and the sign or wonder he spoke of comes true, saying, 'Let's follow other gods you have not known, and let's serve them,' epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’
3 do not listen to the words of that prophet or dreamer of dreams. Your Father is testing you, to know whether you love your Father with all your heart and all your soul. nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
4 Follow your Father, fear him, keep his commands, obey his voice, serve him, cling to him. “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
5 That prophet or dreamer of dreams must be put to death, because he spoke rebellion against your Father, who brought you out of Egypt and rescued you from the slave house, to drive you off the way your Father commanded you to walk. So purge the evil from among you. Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
6 If your brother, your mother's son, or your son or daughter, or the wife you hold close, or your friend dear as your life, secretly lures you, saying, 'Let's go and serve other gods'—gods you and your ancestors never knew, “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),
7 from the gods of the peoples around you, near or far, from earth's one end to the other.' nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan),
8 Don't consent or listen to him; don't pity, spare, or hide him. nou pa pou dako avè l, ni koute li. “Ni zye noupa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li.
9 No—you must put him to death. Your hand strikes first, then all the people's. Men anverite, nou va touye li. Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la.
10 Stone him to death, for he tried to turn you from your Father, who brought you out of Egypt, out of the slave house. Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
11 All Israel will hear and be afraid, and never again do such an evil thing among you. Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.
12 If you hear it said of one of your cities your Father gives you to live in, “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo,
13 worthless men have gone out from among you and led their city's people astray, saying, 'Let's go and serve other gods you haven't known,' ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo),
14 then search, examine, and ask carefully. If it's true and confirmed that this detestable thing was done among you, alò, nou va fè ankèt pou byen chache. “Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou,
15 you must strike down that city's residents with the edge of the sword, destroying it completely—everything in it and its livestock—with the edge of the sword. nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladann l, ni bèt li yo avèk lam nepe.
16 Gather all its plunder into the middle of its square, burn the city and all its plunder in fire as a whole burnt offering to your Father. It stays a ruin forever, never rebuilt. Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.
17 Let nothing devoted to destruction cling to your hand, so your Father turns from his burning anger, gives you compassion, has mercy on you, and multiplies you, as he swore to your ancestors, “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo,
18 if you obey your Father's voice, keeping all his commands I command you today, doing right in your Father's eyes. si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]